Tribinal Kebèk kondane chantè ak ansyen animatè televizyon an, Luck Mervil, lendi 12 me 2026, a de (2) lane prizon fèm pou yon agresyon seksyèl li te komèt an 2000 nan vil Rimouski. Jistis la deside tou pou non li rete nan rejis delenkan seksyèl yo pandan 20 lane.
Se jij James Rondeau, nan Tribinal Kebèk la, ki te pwononse santans lan. Daprè jij la, yon santans prizon se “sèl pinisyon ki apwopriye” fas ak gravite zak yo repwoche ansyen animatè a.
Nan desizyon li, jij la te pran an konsiderasyon plizyè eleman grav, tankou dire agresyon an, eta vilnerabilite viktim nan, ansanm ak lefèt ke akize a pa t montre okenn remò pandan pwosè a.
Tribinal la te deja rekonèt Luck Mervil koupab depi mwa dawout 2025. Daprè akizasyon yo, chantè a te agresyonnen seksyèlman yon fanm ki te sou enfliyans alkòl nan yon chanm otèl apre yon spektak fèt Sen Jan Batis pandan ete 2000 la.
Selon prèv ki te prezante devan tribinal la, viktim nan te pèdi konesans avan li te reprann konsyans pandan agresyon an t ap fèt.