Ansyen Jij de pè nan komin Sodo, Luc Kerlin CHARLES 62 lane, mouri jedi 13 dawout 2026 la nan lopital Senterèz Ench aprè yon malèz li te genyen mèkredi 12 dawout la. Selon plizyè manm fanmi an nou pale, Jij Kerlin ki sèvi Ayiti nan sistèm Jidisyè a pandan plis pase 30 lane, mouri paske fanmi an pa t ka jwenn oksijèn pou li, puiske li pa t ka respire byen.
Tousuit aprè lanmò Jij la, jounal Centre à la UNE te antre ak kontak ak responsab an chèf lopital Senterèz Ench lan, Dr. Denold Milsoit. Nan kad entèvyou sa a ki te fèt vandredi 14 dawout 2026 la epi ki te dire 30 minit, jounal te pran tan pou fè yon echanj rasyonèl ak Dr. Milsoit sou dènye gwo evenman sa a.
Ki pwoblèm Jij Kerlin te genyen ?
« Egzamen yo te revele Jij la fè yon enfaktis myokad. Se yon sitiyasyon medikal ijans ki rive lè sikilasyon san ki dwe ale nan yon pati nan kè a bloke. Pasyan an bezwen swen medikal imedyat ak siveyans lopital.
Enfaktis myokad se yon kriz kadyak: yon atè ki bay kè a san vin bloke oswa redui anpil, sa fè yon pati nan misk ki nan kè a pa resevwa ase oksijèn. Se yon ijans, men tretman rapid ka limite domaj la. Li bay gwo doulè/presyon nan pwatrin, difikilte pou respire, tèt vire, pèt konesans.
Nan ka enfaktis myokad, yo rele entèvansyon prensipal la “endoskopi”. Mo ki pi pwobab nan ka sa yo sipoze fè yon entèvansyon “coronarographie”, epi si yo jwenn yon atè kè ki bouche, yo ka fè angioplastie coronaire ak stent.
Kijan sa kapab fèt ?
- Yo pase yon ti tib (cathéter) nan yon atè, souvan nan ponyèt oswa nan lenn.
- Yo mennen l rive nan atè kè yo.
- Yo bay yon pwodui kontras epi yo pran imaj pou wè kote blokaj la ye.
- Si gen yon blokaj ki bezwen louvri, yo ka fè angioplasti epi mete yon stent pou ede kenbe atè a ouvè.
Se yon entèvansyon trè enpòtan nan anpil ka enfaktis paske li ka ede retabli sikilasyon san nan kè a. Men, sa yo se nan lopital ki ekipe ou jwenn yo nan mond lan.
Kijan ka Jij la te vin evolye ?
Lè yo fin dyagnostike Jij la nan yon premye tan, yo te bezwen oksijèn, men oksijèn nan pa t disponib lopital la paske se komin Tomond ki bay Ench oksijèn. Ench pou moman an se li ki pi gwo konsomatè, se 25 a 30 bonbòn oksijèn ki kapab kenbe lopital la pou yon jou.
Malerezman, lè sa bon Tomond se sèlman 10 bonbòn oksijèn yo bay Ench, li klè se yon pwoblèm ki merite trete nan pi wo nivo. Yo te achte 2 lòt aparèy: youn pou Kanj, youn pou Tomond, men yo pa te prevwa met youn Ench.
Se HUM, lopital Mibalè a ki te konn ban nou oksijèn an kantite nan lopital Senterèz Ench lan, men se byen malerezman depi aprè bandi yo fin kraze Mibalè a, sitiyasyon sa a vini ankò pi konplike.
Pi lwen, Zanmi Lasante konn ba nou 2, 3 grenn oksijèn, sa fè moun yo pa peye oksijèn nan SOP a (Sal Operasyon). Lè pa gen oksijèn disponib, moun yo konn achte li pote bay nan SOP a.
Lè se pa SOP a ki itilize oksijèn yo, pasyan an peye yon ti frè ki pou kouvri depans yo. Pa fwa menm se lopital la ki konn achte oksijèn siplemantè nan vil Kap Ayisyen nan yon antrepriz ki fabrike sa menm.
Pou moman an (dawout 2026), lopital la gen pwoblèm bonbòn vid. Pa genyen ase bonbòn pou nou ta kapab kontinye ale achte oksijèn Okap la, se reyalite a sa.»
Èske Jij la te jwenn oksijèn nan aprè fanmi an te fin peye 15 000 goud la ?
« Pandan fanmi Jij la pa t ka jwenn oksijèn nan, Medsen ki t sou li a te oblije pran oksijèn yon lòt pasyan pou mete pou Jij la, yon bagay ki pa t sipoze fèt. Moman pou yo te rive avèk oksijèn pa yo a, malerezman pasyan an te getan mouri. Kèk minit avan desè a, fanmi Jij la te bay yon pèsonèl 15 000 goud epi li te fè yo jwenn yon bonbòn oksijèn, yo te idantifye pèsonèl la pou mwen tou suit.
Lè m te gade mwen te wè bonbòn nan pa t pou lopital la, se yon bagay ki entèdi ki pa dwe fèt anndan an, mwen te fè remèt fanmi an kòb la, epi malerezman pèsonèl la sanse deja revoke. Non ! Mwen p ap kapab ba ou non li pou rezon administratif, men tou nou pa swete bloke karyè pwofesyonèl li.
Lopital la pa dakò okenn pèsonèl bay pri oksijèn, ni bay ki kote fanmi pasyan yo ap jwenn oksijèn achte. Men, pwiske se pèsonèl la fanmi Jij la te bay kòb la, yo te tou panse se lopital la ki te vann oksijèn nan.
Lè nou bloke nan lopital la pou oksijèn ki pa genyen, nou menm tou nou achte oksijèn pou 15 000 goud pou fè yon operasyon ann ijans, malgre oksijèn nan pa twò bon, koz yo gen kabi ladan yo paske se soudi yo fè ak yo…
Finalman, Jij la mouri nan yon moman kote pa t gen oksijèn disponib lopital la, machin nan te deja ale dèyè oksijèn depi nan maten vè 11 zè, li debake ak 8 bonbòn oksijèn, men malerezman Jij la te gentan mouri lè li te rive a.
Mwen pa ka di li t ap mouri kantmenm, men m pa fin kwè se pwoblèm oksijèn nan ki touye li, paske dyagnostik la te ase grav. Mwen te verifye dosye pasyan an. Jan moun yo te di pa t gen anyen ki te fèt la, se yon fason yo pale. Yon moun ki Ipètandi, dyabetik pandan tout vi li, kit li ap ri, mache, pale, fè mouvman, li se yon moun ki malad.
Kisa ou kapab di sou entèvansyon ajan BI yo nan lopital la ?
«Lè pasyan an fin mouri a, fanmi an te soti pou kraze lopital la. Yo bay pèsonèl lopital la kou, se rezon ki koz mwen te rele lapolis, lè bagay la te vrèman dejenere, kote mis ak doktè tout ap kouri kite ijans lan. Moun yo te parèt trè vyolan, men mwen te konprann emosyon yo nan moman an, se sa ki fè mwen pa t pèsiste pou yo te arete 2 mesye ki te pi vyolan yo.
Wi. Te gen viktim. Yon pèsonèl ankadre ki te nan sal lojistik la ak yon medsen nan sèvis sosyal la te viktim agresyon kèk manm nan fanmi an. Men aprè kèk tan, mwen te vin pase yon bon tan ap pale ak yo, mwen te montre yo m konprann yo, menm jan yo menm tou te montre yo konprann mwen.» Doktè Milsoit te di jounal la nan antrevi a.
Plizyè manm fanmi Jij Kerlin nou pale, di nou Jij la te konn pran swen regilyèman nan men medsen prive li, se lakoz bandi viv ansanm ki kraze Mibalè ak Sodo ki te anpeche Jij la desann Pòtoprens pou ale wè medsen li, epi se paske Sodo kraze ki te fòse li tou rete ap viv Ench.
Fanmi Jij Kerlin di nou polisye BI yo te maltrete epi arete youn nan manm fanmi an, se nan aprè yo ta pral libere li. Yo konfime pou nou tou aprè entèvansyon responsab an chèf lopital la, Doktè Denold Milsoit, yo te resevwa 15 000 goud yo te bay pou achte oksijèn nan.
N ap note, se pa premye fwa yon sitiyasyon grav konsa pwodui nan espas la. Plizyè lòt ka desè ki pwodui nan lopital Senterèz Ench lan soulve anpil kesyon sou fonksyonman lopital la an jeneral, sitou nivo kapasite ak mwayen lopital la dispoze pou bay bon jan swen sante ak pasyan yo.
Se ka sitwayen Jean Yves Thomas ki deklare, e nou ap site: « Papa m te mouri nan menm kondisyon ak Jij Kerlin. Mwen bat tout vil Ench ap chache oksijèn. Lopital saaaaaaaaa humm.»
Se ka tou sitwayen Clotaire Denoye ki te mouri nan kèk kondisyon parèy. Se te yon ansyen anplwaye Zanmi Lasante selon enfòmasyon nou dispoze.
Anpil moun kwè anplis de obligasyon MSPP genyen pou mye ekipe lopital Senterèz Ench lan, men li parèt yon nesesite pou yon ankèt apwonfondi mennen sou ka desè Jij Kerlin an, nan sousi pou pote plis limyè pou fanmi ak pwòch li.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE