Kategori : Edikasyon sivik
Madi 18 Dawout 2026| 00570
Ekri: Sadrax ULYSSE
Edikasyon sivik avèk Sadrax ULYSSE sou misyon ak fonksyon eli yo
Poutan, pou yon demokrasi fonksyone byen, chak eli dwe konnen limit legal fonksyon li. Yon CASEC se premye responsab administrasyon yon seksyon kominal. Travay li se jere devlopman lokal, òganize sèvis kominotè yo, pwoteje enterè popilasyon seksyon an epi kolabore ak lòt otorite yo pou amelyore kondisyon lavi moun yo. Yon ASEC, li menm, pa gen menm pouvwa ak CASEC la. Li egziste pou reprezante popilasyon an, pote bezwen sitwayen yo devan CASEC la, ankouraje patisipasyon kominotè epi ede nan planifikasyon devlopman seksyon kominal la. Li pa yon egzekitif, men yon estrikti konsiltatif ak patisipatif. Malerezman, anpil fwa de fonksyon sa yo konfonn, sa ki kreye konfli ak enkonpreyansyon sou teren an.
Nan nivo vil yo, delege vil la ak majistra a pa gen menm misyon nonplis. Delege vil la se yon reprezantan administrasyon santral la. Li gen misyon pou asire kowòdinasyon ant Leta ak administrasyon lokal la, siveye aplikasyon kèk desizyon leta epi fasilite relasyon ant sèvis piblik yo. Li pa ranplase majistra a, li pa dirije minisipalite a. Majistra a, okontrè, se premye otorite egzekitif komin nan. Se li ki responsab jesyon minisipalite a, antretyen lari yo, jesyon fatra, mache piblik yo, ekleraj, sèvis sanitasyon, planifikasyon iben, pwoteksyon anviwònman ak anpil lòt sèvis ki afekte lavi chak jou sitwayen yo. Yon bon majistra pa pase tan li ap tann pwojè soti nan kapital la. Li chèche resous, planifye devlopman komin li epi mobilize tout aktè lokal yo pou bay rezilta.
Nan nivo nasyonal la, depite ak senatè yo fòme pouvwa lejislatif la. Misyon prensipal yo se fè lwa, modifye lwa ki egziste yo, vote bidjè nasyonal la, kontwole aksyon gouvènman an epi reprezante enterè elektora yo. Yo pa minis, yo pa direktè jeneral, yo pa majistra, yo pa responsab pou egzekite pwojè piblik yo. Lè yon depite oswa yon senatè pase plis tan ap chèche nominasyon, distribye materyèl oswa ranplase travay administrasyon piblik la, li deja kite misyon konstitisyonèl li dèyè. Pèp la pa voye palmantè yo nan Palman an pou yo jere egzekitif la. Li voye yo pou yo ekri lwa, kontwole pouvwa egzekitif la epi defann enterè nasyon an.
Prezidan Repiblik la, li menm, gen yon misyon diferan. Li se chèf Leta, garanti fonksyònman regilye enstitisyon yo, veye sou aplikasyon Konstitisyon an epi oryante gwo politik piblik peyi a ansanm ak gouvènman an. Li pa dwe konsantre tout pouvwa yo nan men li, ni ranplase otorite lokal yo oswa palmantè yo. Yon sistèm demokratik pa fonksyone sou baz yon sèl moun. Li fonksyone sou baz separasyon pouvwa yo, respè pou lwa ak kolaborasyon ant tout enstitisyon yo.
Lè chak eli respekte limit legal fonksyon li, Leta vin pi efikas, sèvis piblik yo amelyore epi sitwayen yo konnen kiyès ki responsab pou chak dosye. Men lè tout moun vle fè travay lòt la, lè depite vle tounen majistra, lè senatè vle jwe wòl minis, lè majistra vle fè travay palmantè oswa lè egzekitif la anvayi tout espas yo, administrasyon piblik la tonbe nan dezòd. Se egzakteman sa ki rive Ayiti pandan plizyè dizèn ane. Se poutèt sa, anvan nou mande pèp la vote, li enpòtan pou chak kandida metrize misyon fonksyon li, limit legal li ak responsabilite li devan nasyon an. San kilti sa a, eleksyon yo ka chanje non moun ki sou pouvwa, men yo pap chanje fason Leta a fonksyone.