Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA) lanse yon misyon odit konfòmite sou jesyon Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA), pou peryòd ki soti 5 avril 2017 rive 17 fevriye 2025. Desizyon an parèt nan yon korespondans ofisyèl ki date 20 out 2026, voye bay aktyèl direktè jeneral DINEPA a, Théophil Ostinvil.

Dapre korespondans lan, yon komisyon mete sou pye pou mennen travay verifikasyon yo, ni nan lokal DINEPA ni nan syèj CSCCA. Odit la pral konsène jesyon administratif, bidjetè, finansye ak kontab enstitisyon an, ansanm ak operasyon resèt ak depans, pwosedi akizisyon byen ak sèvis, jesyon resous imen ak jesyon byen mobil ak imobil DINEPA.

Peryòd odit la kouvri plizyè ane kote Guito Edouard te nan tèt DINEPA. Ansyen direktè jeneral la ap enterese tou nan kad politik la, paske, selon enfòmasyon k ap sikile, li ta kapab patisipe nan pwochen eleksyon yo. Nan kontèks sa a, kesyon sou sètifika dechaj ansyen responsab piblik yo pran yon plas enpòtan nan diskisyon an.

Plizyè operasyon ta kapab egzamine selon kèk sous pròch lakou a

Dapre enfòmasyon ki rive bò kote dosye a, plizyè operasyon ki te fèt pandan peryòd 2017-2025 la ta kapab antre nan travay komisyon CSCCA a.Youn nan dosye yo konsène yon anvlòp anviwon 18 milyon goud ki ta soti nan Kès Piblik la pou yon pwojè alimantasyon an dlo potab nan vil Beladè, nan okazyon selebrasyon 70yèm anivèsè vil la.

Selon enfòmasyon yo, lajan an ta fin debouse, pandan kesyon ta leve sou nivo reyalizasyon pwojè a sou teren an. Dokiman finansye, rapò teknik, pyès kontab ak lòt prèv sou travay yo ta kapab pèmèt oditè yo verifye fason fon yo te itilize ak nivo egzekisyon pwojè a.Pou kounye a, pa gen okenn rapò final CSCCA ki konfime yon iregilarite nan dosye sa a.

Pak otomobil DINEPA a nan mitan kesyon yo

Jesyon pak otomobil DINEPA a ta kapab tou fè pati verifikasyon yo tou selon divès sous.Dapre enfòmasyon ki ap sikile, plis pase 15 machin sèvis, pami yo kèk kamyon-sitèn, ta disparèt nan envantè enstitisyon an oswa ta vin difisil pou lokalize.

Yon teknisyen nan domèn finansye Centre à la UNE te kontakte pou pi byen konprann dosye a fè konnen ta genyen posibilite pou komisyon an ta kapab egzamine envantè DINEPA yo, dokiman ki montre afektasyon machin yo, kote yo te ye, ansanm ak sitiyasyon administratif ak fizik chak machin konsène.

Pa gen, pou moman an, okenn dokiman ofisyèl CSCCA ki pibliye pou konfime disparisyon oswa detounman machin sa yo.

Pwogram « Quartier Pam Klere » anba verifikasyon

Yon lòt dosye ki ta kapab enterese oditè yo se pwogram « Quartier Pam Klere », ki te inisye anba ansyen administrasyon DINEPA a.Enfòmasyon ki disponib yo fè konnen kèk kesyon ta leve sou aktivite pwogram nan, sitou sou rapò yo ak misyon DINEPA, ansanm ak kondisyon kote kèk kontra ta kapab te atribye.

Dokiman kontraktyèl ak finansye yo ta dwe pèmèt komisyon an verifye si pwosedi ki te itilize pou kontra sa yo te respekte dispozisyon legal ak regilasyon sou depans piblik ak pasasyon mache.

100 milyon goud pou Petit-Goâve

Pwojè alimantasyon an dlo potab nan Petit-Goâve ta kapab pami lòt dosye ki merite egzamen.Plizyè enfòmasyon nan medya lokal Tigwav rapòte yon anvlòp anviwon 100 milyon goud ki ta mete disponib pa Kès Piblik la pou pwojè a. Dapre enfòmasyon k ap sikile yo, yon gwo pati finansman an ta kapab deja debouse, pandan nivo travay ki reyalize sou teren an ta soulve kesyon.

Ekspè finansye jounal la te kontakte a rapousib pou di, sou dosye sila a oditè yo kapab konpare montan ki te debouse yo ak kontra, fakti, rapò teknik ak nivo egzekisyon fizik travay yo pou detèmine sitiyasyon pwojè a.

Posib konfli enterè nan kèk kontra

Kèk enfòmasyon ta fè konnen komisyon an kapab egzamine tou yon dosye kote non ansyen direktè jeneral DINEPA a ta asosye ak yon gwoup antrepriz Repiblik dominikè ak Ayiti ki te patisipe nan travay nan sektè idwolik la. Enfòmasyon sa a poko etabli atravè yon konklizyon ofisyèl. Si dokiman yo ta konfime yon relasyon ant ansyen responsab la ak yon antrepriz ki te benefisye kontra pandan peryòd li t ap dirije DINEPA, kondisyon kontra yo ak relasyon ant diferan pati yo ta kapab fè objè yon verifikasyon apwofondi. Kesyon an ta konsène sitou respè règ ki gen rapò ak konfli enterè, pasasyon mache ak jesyon byen piblik.

Lòt dosye ta kapab rive devan ULCC

Selon kèk sous, lòt dosye ki gen rapò ak jesyon DINEPA pandan peryòd 2017-2025 la ta kapab, selon sa odit la revele, rive devan Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC).Dosye sa yo ta kapab konsène akizisyon byen pou Leta, pwosedi pasasyon mache piblik ak itilizasyon resous finansye enstitisyon an.

Men, jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki pèmèt etabli si CSCCA ap pran desizyon pou transmèt youn nan dosye sa yo bay ULCC ou pa.

Yon dosye k ap dewoule nan peryòd elektoral

Ouvèti odit la rive pandan pwosesis elektoral la ap avanse nan peyi a, kote kesyon dechaj ansyen responsab piblik yo deja prezan nan deba sou kalifikasyon kandida yo.

Pou Guito Edouard, ki te dirije DINEPA pandan yon pati nan peryòd CSCCA chwazi pou odit la, rezilta travay komisyon an kapab vin enpòtan nan dosye administratif li si li deside antre ofisyèlman nan kous elektoral la. Pou kounye a, CSCCA poko pibliye okenn konklizyon sou jesyon Guito Edouard, ni li poko etabli okenn responsablite pèsonèl kont ansyen direktè jeneral la.

Centre à la UNE te kontakte administrasyon santral DINEPA a pou te pran avi yo sou dosye odit la, responsab yo te rezève yo dwa pou pa opine sou dosye a pandan youn di yap kite oditè yo fè travay yo jan lalwa mande sa.

Travay komisyon an pral pèmèt egzamine pyès kontab yo, kontra yo, dokiman administratif yo ak lòt eleman ki gen rapò ak jesyon DINEPA pandan peryòd konsène a. Se konklizyon odit la ki pral pèmèt konnen si gen iregilarite epi, si sa ta nesesè, ki responsablite ki ta kapab angaje selon sa ekspè finansye a fè konnen.

Daniel Jean, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841