Lè ekip nasyonal la oblije chèche lòt teren aletranje pou resevwa match li, se pa sèlman foutbòl la ki pèdi. Se kapasite Leta a pou garanti sekirite, pwoteje espas piblik yo epi bay peyi a enfrastrikti li bezwen ki kesyone.
Nan yon peyi kote foutbòl se youn nan pi gwo sous fyète kolektif, li pa nòmal pou seleksyon nasyonal la ap fè fas ak difikilte pou resevwa match lakay li akoz ensekirite. Lè ou pa kapab ofri kondisyon ki nesesè pou resevwa yon match entènasyonal, kesyon an depase espò. Li vin tounen yon kesyon nasyonal.
Se otorite Leta yo ki dwe travay pou retabli otorite Leta sou teritwa a. Gwoup ame yo, bò kote pa yo, dwe konprann tou konsekans aksyon yo genyen sou lavi peyi a, sitou nan moman kote seleksyon nasyonal yo ap patisipe nan gwo konpetisyon entènasyonal epi yo bezwen resevwa match sou tèritwa nasyonal la.
Federasyon foutbòl la pa kapab pote chay ensekirite peyi a pou kont li. Li bezwen yon anviwònman kote jwè yo, abit yo, delegasyon yo ak piblik la kapab deplase epi patisipe nan match yo san gwo risk.
Se poutèt sa, otorite konsène yo dwe pran konsyans epi kreye kondisyon ki nesesè pou kapab resevwa match entènasyonal nan Stade Sylvio Cator ankò.
Pwoblèm nan montre tou yon lòt feblès estriktirèl: konsantrasyon twòp enfrastrikti espòtif nan kèk zòn peyi a.
Si te gen estad modèn ak fonksyonèl nan Nò, nan Sant, nan Sid ak nan lòt depatman yo, seleksyon nasyonal la ta gen plis posiblite pou resevwa match nan diferan vil. Yon pwoblèm sekirite oswa teknik nan yon zòn pa ta nesesèman vle di peyi a pa kapab òganize yon match lakay li.
Se youn nan responsablite nouvo dirijan peyi a pral genyen: mete konstriksyon ak modènizasyon estad nan mitan priyorite politik piblik yo.
Men, anvan nou pale de nouvo envestisman, gen yon kesyon ki merite jwenn yon repons klè: kisa ki te fèt ak lajan ki te deja depanse pou estad yo?
Se nan sans sa a li enpòtan pou Laurent Lamothe bay eksplikasyon ak rapò sou lajan ki te depanse nan pwojè ki te gen rapò ak konstriksyon, reyabilitasyon oswa modènizasyon estad yo. Pèp la gen dwa konnen ki kantite lajan ki te mobilize, ki travay ki te fèt, ki antrepriz ki te egzekite yo ak ki rezilta envestisman sa yo bay.
Nouvo palmantè yo dwe pran responsabilite yo
Yon lòt chantiye enpòtan se travay Palman an. Nouvo palmantè yo pa dwe limite travay yo sèlman ak vote lwa sou kesyon politik oswa ekonomik. Yo dwe konsantre tou sou ranfòsman kad legal ki konsène kolektivite teritoryal yo, pou desantralizasyon ak dekonsantrasyon kapab vin yon reyalite.
Lè tout bagay konsantre nan Pòtoprens, chak kriz nan kapital la gen konsekans sou tout peyi a. Men, si depatman yo gen bon jan enfrastrikti, resous ak kapasite administratif, peyi a ap vin pi rezilyan.
Foutbòl la kapab sèvi kòm yon egzanp. Yon seleksyon nasyonal pa ta dwe oblije depann de yon sèl estad oswa yon sèl vil pou resevwa match. Nou ta dwe genyen yon rezo estad modèn nan diferan rejyon peyi a.
Ayiti bezwen plis pase bon jwè pou devlope foutbòl li. Li bezwen sekirite, bon jan enfrastrikti, bon jan gouvènans ak yon vizyon nasyonal.
Kesyon estad yo se pa sèlman yon kesyon foutbòl. Se yon kesyon devlopman, desantralizasyon, transparans nan jesyon lajan piblik ak kapasite Leta pou bay sitwayen yo espas ki kapab sèvi tout kominote yo.
Si nou vle wè seleksyon nasyonal nou yo jwe lakay yo ak fyète, fòk Leta reprann otorite li, fòk ensekirite a diminye, fòk lajan piblik la jere avèk transparans, epi fòk nouvo dirijan yo finalman konprann yon bagay: devlopman Ayiti pap kapab fèt si tout bagay rete konsantre nan Pòtoprens.
Remy JOSEPH