Ant septanm 2025 ak novanm 2026, majistra prensipal meri Mibalè a, Lochard Laguerre, pa sispann fè pwomès devan popilasyon l ap dirije a. Pwomès sa yo ki sitou konsène retou moun ki te oblije kite kay yo anba presyon vyolans gang ame Viv Ansanm yo prèske 2 lane aprè, pako janm konkretize.
Avèk anpil asirans, majistra Lochard Laguerre kontinye pran angajman devan popilasyon an, sitou angajman ki gen gwo dimansyon politik, san konnen pa ki mwayen li konte reyalize pwomès sa yo, e ki konsekans absans rezilta yo kapab genyen sou kredibilite politik li.
Men twa (3) prensipal deklarasyon majistra a fè devan popilasyon Mibalè ak Sodo:
Lendi 15 septanm 2025, pandan yon entèvansyon devan yon foul moun, majistra a te pran angajman pou pèmèt moun Mibalè ak Sodo retounen lakay yo nan menm semèn nan. Men deklarasyon li: « N ap tande m ? N ap fout tande m ? Mete nou bò kote m; nan semèn nan la a, nou pral lakay nou. » Malgre asirans sa a, retou popilasyon an pa t fèt jan li te anonse l la.
Lendi 20 jiyè 2026, nan yon entèvyou li te bay radyo Panic FM, Lochard Laguerre te pale sou yon rankont li te gen pou fè ak komisyon ki te mete sou pye pou antre an kontak ak chèf gang Viv Ansanm yo, nan objektif pou fasilite retou moun ki te deplase yo. Nan entèvyou sa a, li te deklare: « Nan rankont mwen ap gen ak Komisyon pou lapè a, moun yo ap retounen lakay yo. » Sa ki te mete anpil jwa nan kè popilasyon an, menm jounalis li t ap fè entèvyou yo. Men, ankò yon lòt fwa, retou moun yo pa t konkretize jan majistra a te fè konprann sa a.
Madi 17 novanm 2026, aprè 2 premye angajman li te anonse yo pa t bay rezilta, majistra Laguerre te fè yon lòt deklarasyon devan popilasyon sivil la. Fwa sa a, li envite moun yo pran yon lòt direksyon, pandan li t ap kritike otorite politik peyi a. Men sa li te deklare: « Moun Mibalè/Sodo, se pa manti, Paraizon pa ka fè anyen pou nou. Didier kòm premye minis ki kidnape pouvwa peyi a, pa ka fè anyen pou nou. Pou sa, jan m te di nan vwa ki pran tout lari a, achte yon grenn manchèt mete lakay nou. Nan jou k ap vini yo, nou gen pou n travèse pon an la ki tou pre a. N ap travèse, n ap travèse, n ap travèse, n ap travèse. »
Lè yon responsab politik pran angajman devan yon popilasyon ki deja viktim deplasman ak abandon, pawòl li dwe chita sou yon plan konkrè, yon estrateji ki klè ak rezilta ki mezire. Pwomès yo pa ka ranplase aksyon.
Finalman, èske majsitra Lochard Laguerre gen yon plan reyèl pou retabli sekirite nan komin nan ? Èske tou popilasyon an ka kontinye tande yon seri deklarasyon politik san okenn garanti konkrè ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE