Jounalis Eddy Jackson Alexis mouri.
Kòporasyon jounalis ayisyen an andèy. Jounalis Eddy Jackson Alexis mouri nan lannwit vandredi 20 novanm 2026 la aprè yon malèz kadyak, selon enfòmasyon plizyè medya lokal rapòte. Ansyen sekretè deta kominikasyon an kite dèyè li yon karyè ki make pa angajman ak pwofesyonalis nan milye medyatik la nan peyi Ayiti.
Eddy Jackson Alexis fèt yon 20 septanm nan Bomon (Jeremi/Grandans). Jounalis ak ansyen sekretè deta kominikasyon, li te konsakre plizyè lane ak près ayisyèn nan.
Ansyen jounalis la te travay kòm repòtè nan Radyo Kiskeya ak Radyo Solidarite. Nan Radyo Kiskeya, li se te prezantatè emisyon tou. Eddy Jackson Alexis te okipe pòs redaktè an chèf nan Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) kote li pase 4 lane.
Nan septanm 2018, sou prezidan Jovenel Moïse, Eddy Jackson Alexis te nonmen sekretè deta kominikasyon, yon fonksyon li te okipe jiska fevriye 2021. Li te pòt-pawòl tou sou prezidan Jocelerme Privert ; li te fè yon pase tou kòm prezantatè emisyon nan Radyo Monopòl.
Adye, Eddy Jackson Alexis !
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

