Nan kad analiz li pataje avèk Centre à la UNE sou refòm eta sivil ann Ayiti, Mèt Marie Judith SAINVAL mete aksan sou enpòtans idantite sivil nan egzèsis dwa fondamantal chak sitwayen. Daprè Mèt Sainval, yon batistè ki fyab, ki anrejistre kòmsadwa nan rejis eta sivil yo, reprezante premye garanti jiridik ki pèmèt yon moun etabli filyasyon li, reklame dwa li nan yon eritaj, kontrakte yon maryaj lalwa rekonèt oswa pwouve idantite li devan yon tribinal. Jiris la fè yon rapwòchman ant eta sivil, dwa pwopriyete ak kesyon fonse ann Ayiti. Yon eritye ki pa kapab pwouve filyasyon li atravè yon dokiman legal kapab rankontre gwo difikilte pou reklame pati ki revyen li nan yon eritaj. Sitiyasyon sa a kontribye nan pèsistans endivizyon ki pa regilarize, sa vle di byen plizyè eritye posede ansanm san sitiyasyon jiridik yo pa klè. Fenomèn sa a reprezante youn nan faktè estriktirèl ensekirite fonse nan peyi a. Konsa, feblès sistèm eta sivil la kapab genyen konsekans sou transmisyon patrimwàn fanmi yo, pwoteksyon byen sitwayen yo ak rezolisyon konfli devan lajistis.
Sou plan politik ak ekonomik, Mèt Marie Judith SAINVAL fè referans ak dekrè 16 jen 2020 an, ki etabli Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la (NINU) ak Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la (CINU). Daprè dispozisyon tèks sa a, kat idantifikasyon an reprezante yon kondisyon pou egzèsis plizyè dwa sivil ak politik, tankou dwa pou vote oswa pou prezante kandidati nan yon eleksyon. Nan sans sa a, absans yon dokiman idantifikasyon ki valid kapab limite patisipasyon yon sitwayen nan lavi demokratik peyi li. Men konsekans yo depase dimansyon politik la. Mèt Sainval souliye enpòtans idantite sivil nan enklizyon ekonomik ak finansye. Ouvèti yon kont labank, aksè ak kredi, souskripsyon yon kontra asirans oswa etablisman yon kontra travay fòmèl mande, nan prèske tout ka, yon pyès idantite ki valid. Jiris la fè referans tou ak analiz sou dwa envestisman, kote mank dokiman legal ak garanti administratif limite kapasite kèk aktè ekonomik pou jwenn finansman. Kidonk, yon sistèm eta sivil ki pa konplè kapab kontribye nan eksklizyon ekonomik yon pati nan popilasyon an, pandan li limite kapasite moun sa yo pou patisipe nan ekonomi fòmèl peyi a.
Nan dimansyon gouvènans ak devlopman an, Mèt Sainval fè referans ak pwojè lwa òganik Biwo Nasyonal Idantifikasyon an (ONI), ki mete aksan sou nesesite pou Leta genyen yon rejis nasyonal ki fyab, estriktire epi ki fasilite echanj enfòmasyon ant enstitisyon piblik yo. Yon sistèm konsa reprezante yon zouti fondamantal pou elaborasyon ak aplikasyon politik piblik. Resansman popilasyon an, planifikasyon sèvis edikasyon ak lasante, distribisyon èd sosyal, ansanm ak fyabilite lis elektoral yo, depann an gran pati de kalite enfòmasyon Leta genyen sou popilasyon li. Daprè analiz jiris la, modènizasyon eta sivil la dwe pèmèt administrasyon piblik la pi byen idantifye bezwen sitwayen yo, planifye entèvansyon li yo epi amelyore jesyon resous piblik yo. Se nan sans sa a refòm eta sivil ann Ayiti depase yon senp demach administratif pou li tounen yon kesyon sekirite jiridik, gouvènans demokratik ak devlopman ekonomik. Garanti chak sitwayen yon idantite legal ki fyab se kreye kondisyon pou li egzèse dwa li, patisipe nan lavi piblik epi jwenn aksè ak opòtinite ekonomik peyi a.
Me Marie Judith SAINVAL Avokat, konferansyè, militant pou dwa moun, feminis ak sitwayèn angaje
Pa ekip redaksyon Centre à la UNE, sou direksyon Jean Launy AVRIL.


