Vedette JOSEPHE se non yon Dam ki akouche yon bebe nan lopital inivèsitè Mibalè a, dimanch 15 me 2022 a, ki gen yon gwo defòmasyon fizik ki etone anpil moun.

Vedette ki t ap pale nan edisyon nouvèl gran boulva a sou RTVC esplike: Doktè yo obsève, kote ti lèzanj lan gen yon fòm lasirèn, li parèt difisil pou wè si l se fi ou byen gason, tou 2 pye yo tou kole.

Pou ti pitit sa fè bezwen li , se sou kote vant li medsen fè yon espas. Madam Vedette kontinye pou l fè konnen: » Mwen pa konn kisa m pral fè ak bebe a, paske doktè yo di m yo pa gen mwayen pou tip operasyon sa yo nan HUM.M mande nenpòt moun ki ka ede m jwenn lopital ak mwayen pou fè operasyon sa a, l ap bon anpil pou mwen, paske bebe a ap viv, m pa konnen ki sa pou m fè «.

Nimewo telefòn fanmi an se: (+509) 3936-9973/ 4491-2090

Sitiyasyon sa a pwouve aklè kouman pwoblèm yo ap miltipliye nan peyi chak jou pi plis nan koze lasante, poutan Leta pa mete bon lopital pou popilasyon.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....