Yon sitwayen anpil moun konnen sou non Kenston resevwa yon kout wòch nan tèt mèkredi 18 me 2022 a, aprè yon gwoup moun kap vin nan lokalite Dèyè Ma rive fouye twou pou koupe wout ki mennen nan kaptaj dlo ke DINEPA ap fè pou alimante popilasyon Boukan Kare a. Moun nan zòn lan ki pwoteste kont DINEPA yo di ki pa mete fontèn piblik pou popilasyon an jwenn ti gout dlo. Pou anpeche machin k ap pote materyo pou kaptaj lan rive a destinasyon, moun nan zòn dèyè ma koupe wout lan.

Piblisite

Ensidan saa rive pandan yon gwoup sitwayen nan sant vil boukan Kare al fè entèvansyon pou fòse moun zòn dèyè ma Bouche twou yo fouye a.
Altèkasyon saa ki genyen ant 2 gwoup moun sa yo rive fè yon viktim. Sitwayen ki rele Kenston lan rete enkonsyan nan lopital HUM jiska prezan aprè li fin resevwa kout wòch la nan tèt li. Enfòmasyon ke Jounalis Centre à La Une rekeyi nan men pwòch viktim lan.

La polis nan komin Boukankare rive fè 3 arestasyon nan kad ensidan saa. Sepandan jiska prezan, akize yo toujou nan gad avi , yo poko pase devan jij natirèl yo akòz Grefye yo ki nan Grèv.

Majistra komin Boukan Kare a Delinois GUERRIER, demanti enfòmasyon ki fè kwè ke DINEPA pa mete tiyo dlo piblik pou popilasyon an.

Kèk sitwayen nan kominote a mande pou otorite nan leta a kanpe djanm ak yo yon fason pou zòn lan pa pèdi gwo pwojè saa yo di ki gen anpil enpòtans pou izaje yo.

N ap siyale se nan dat 27 jiyè 2021 projè konstwiksyon SAEP Boukankare a te lanse.

Banel LOUISSAINT, Centre à la Une

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....