Pou yon twazyèm fwa Centre à la Une reyalize ankèt li yo nan lide pou konnen kòman depatman an ap fonksyone, Komin yo, seksyon kominal yo, katye yo elatriye…. Se yon mwayen pou n konnen kondisyon popilasyon an ap viv. Èske gen bon estrikti, èske atant yo konble, èske yo santi prezans leta ak reprezantan l yo? An rezime nou touche tout kouch nan sosyete a. Ankèt sa yo tou, mete popilasyon an fas a fas ak eli yo, pou konnen kisa y ap regle, kisa yo te reyalize pandan pasaj yo nan pòs elektif yo.

Objektif ankèt sa se te pèmèt popilasyon opine sou 12 depite ki te reprezante 12 sikonskripsyon nan depatman Sant la nan 50èm lejislati ki sot pase la.

Ankèt sa te kòmanse jou ki te dimanch 8 me e ki fini samdi 14 me 2022. Nèf mil transenk (9 035) moun te reponn ak 13 kesyon ki te gen nan ankèt sa . Gen mil senk san senkant senk (1 555) vòt ke sistèm nan te anile pou moun ki te vote plizyè fwa. Centre à la UNE remèsye chak moun ki te pran ti tan yo reponn ak kesyon ankèt sila a. Se 12 ansyen depite sa yo ki te patisipe nan ankèt la .

APPOLON Enel, Thomonde
BEAUJE Louis Romel, Maïssade
BENJAMIN-ALEXANDRE Guerda B, Savanette
BIEN-AIMÉ A. Rodon, Cercavajal
CELESTIN Rony, Cerca La Source
DELACRUZ Francisque, Thomassique
DESCOLLINES Abel, Mirebalais
GUERRARD Guerchon, Belladère
JEAN Gabriel Lyonel, Lascahobas
JEAN Jude, Boucan Carré
PITTON Fred, Hinche
SMITH Romial, Saut d’Eau.

Se ansanm 12 pèsonalite politik sa yo ke moun nan 13 Komin depatman Sant la, te opine sou misyon moun sa yo nan palman Ayisyen an. Pou rann li pi kout n ap jis relate 3 rezilta ki pi wo yo nan chak kategori kesyon.

Kantite moun ki te patisipe nan ankèt la repati konsa nan diferans sèks yo : Gason yo reprezante yon total 86,6 %, e fanm yo 13,4% Èske sa ta vle di medanm yo pa vle jwi dwa sivik e politik ke yo genyen an?

Jenerasyon 26 lane pou rive 35 lane eksprime vòt yo ak 43,3 % ,ki swiv pa tranch kategori laj 36 pou rive 45 lane vote ak 32 %, e 18 lane pou rive nan 25 te patisipe ak 12,9 % pou fini, sòti nan 46 e plis te patisipe ak 11,8 % .

Nan tout depatman an, 3 Komin ki vote plis nan ankèt sa se: Komin Mayisad ki vini premye pozisyon 19.8 %, Mibalè ki vini aprè ak 15.4 % e chèf lye depatman Sant la, Ench, ki vini ak 13.7 % vòt.

Nan kategori kesyon ki te mande ki depite ki te make pasaj yo pozitivman nan dènye lejislati a: 40,9% nan vòt yo eksprime se DESCOLLINES ABEL, 25.1% nan yo di se BIEN-AIMÉ A.RODON e 15.2 % fè konnen se BEAUJE LOUIS .

Depite moun santi ki te fè travay yo kòm depite: 37,5 % vote pou di se DESCOLLINES ABEL, 26.4 % di se BIEN-AIMÉ A. RODON e 17.4% fè konnen se BEAUJE LOUIS.

Nan kesyon, ki depite ki te plis itil sikonskripsyon yo: 41.4% eksprime yo pou di se DESCOLLINES ABEL, 33.6 %di se BIEN-AIMÉ A.RODON e 14.3% fè konnen se BEAUJE LOUIS.

Mo » a loral la » fè plis pale de li nan dènye lejislati ki sot pase a nan palman Ayisyen an, ekspresyon sa ki ta tradwi, anpil palmantè ki te mande popilasyon an al reprezante yo nan palman an, ebyen yo rive yo pa regle anyen. Eslogan lari menm trete moun sa yo «se sigarèt yo al achte nan palman pou lòt kolèg yo elatriye… Nan konsa yo fè manda yo, yo pase inapèsi nan palman an . 42 % moun ki vote nan ankèt la fè konnenn PITTON FRED pa règle anyen,32% lonje dwèt sou JUDE JEAN e lot 31.2 GABRIEL JEAN

Si ta gen eleksyon sèlman pou depite, 26.9 % nan moun ki vote yo fè konnen yo tap re vote DESCOLLINES ABEL, 23.1 % yo tap vote GUERRARD CUERCHON e 17.2 % fè konnen yo t ap vote BIEN-AIMÉ A.RODON .

Jan nou konnen an depi nèg ak nègès pran gou sa ki gen nan palman an, yo tout gen anvi avanse pou pi devan. Nan ka ke 12 ansyen depite sa yo ta kandida pou senatè, 54.3 % nan popilasyon an di yo tap vote DESCOLLINES ABEL, 38.4 % di yo t ap chwazi BIEN-AIMÉ A. RODON e 15.2% di yo t ap vote BEAUJE LOUIS.

Vid enstitisyonèl yo prèske paralize peyi a. Paske enstitisyon yo vire an defakto; eleksyon yo pa fèt ak tan. Sa koz pèsonalite politik yo pa renouvle. Si ta gen yon evantyèl eleksyon, 65.3% popilasyon k ap viv nan depatman Sant la di yo pral vote. 19 .9 % di yo poko konnen e 14.2 % nan moun k ap viv nan plato santral di yo pa pral vote.

Menm jan popilasyon nan lòt sikonskripsyon nan peyi a toujou konpran n nan fason pa yo, fason mesye dam palmantè yo ap jere peyi a, sa la kòz anpil fwa yo konn ap fè deba «kisa palman an itil peyi a?» Ebyen moun depatman Sant pa diferan, 74 % nan moun ki patisipe nan ankèt la, yo di palman pa itil peyi a anyen. 14.3 % di wi li iti l e 9.7% di yo pa konnen.

Ki wòl yon senatè e ki wòl yon depite? Eske yon peyi tankou Ayiti ta sipoze gen 2 branch nan palman an? Pou moun depatman Sant, 55.7% di yo dakò ak yon sèl branch, 25.6 % di non yo pa dakò e 18.8 % di yo pa gen repons.

Men kèk repwòch ak konpliman patisipan yo fè ansyen depite ki te reprezante Sikonskripsyon yo nan dènye lejislati ki sot pase la:

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar