Se nou ki dwe proteje Anviwonman nou fòk nou : panse, aji, prezève l . Se sou tèm sa CECAREE( Caribeen pour la réhabilitation de l’environnement et l’économie) lanse ofisyèlman premyè edisyon festival nati, ékositwayènte e angajman fanm ) 20 me 2022 nan vil Ench.

Nan kad aktivite sila plizyè otorite te reponn prezan tankou: Delege depatmantal sant lan Bydri Corriolan, reprezantan direktè depatmantal Ministè Anviwonman Agr Belice Fristzbert, Direktè depatmantal Ministè jenès spò Mesye Menoty Brizard, kòdonatris depatmantal Ministè kondisyon fanm lan, madam Mezard Jezula ak reprezantan inivèsite piblik sant la ( UPC) Agr Delva jean Bochard pou site sa sèlman.

Piblisite

Aktivite sa vize sansibilize jèn yo ki se avni peyi a sou fason yo dwe patisipe nan proteksyon anviwonman. Selon sa Madam karine André Simon ki se kòdonatè pwojè a esplike; pwojè ap gen genyen ladan l : yon konkou jwèt kesyon/repons sou anvironnman nan lekòl yo. Konkou a deja kòmanse 20 me 2022 a kote lekòl Lèroz nouvèl fè ( 50 pwen sou 70 ) ak Lise Charlemagne Peralte ki fè ( 60 pwen sou 70 ). Dimanch 22 me a Lèroz ap gen pou al jwe anfas, lekòl Maranatha a pou dezyèm match la .Se yon konkou k ap fèt pou stimile jèn yo pou vin anbasadè anvironnman

Jacquelin NAPOLÉON depi vil Ench, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841