Egzamen nevyèm ane ki mete fen ak sik etid fondamantal lan dewoule nan Savanèt menm jan sa ap fèt nan tout kat kwen peyi d’Ayiti lendi 20 jen 2022.
Si pou tout peyi a gen 201280 elèv ki enskri, nan depatman sant gen 13867 elèv enskri ; Pou komin Savanèt, efektif elèv ki patisipe nan eprèv nevyèm ane se 277 prezan sou yon efektif 284 enskri.
Repatisyon elèv kandida yo fèt pa sèks fè nou remake gen plis fi gi patisipe nan egzamen ane sa a ke gason. Swa, 171 fi prezan kont 106 gason prezan. Paralèlman gen 6 fi ki absan kont 1 gason ki pa prezante nan sal egzamen.

PIBLISITE PEYE

Responsab sant egzamen an Enspektè prensipal Abraram Jouthe; Responsab syèj lan Direktè Abner Sainte-Louis ak kòdonatè sikui ,Enspektè zòn Maxène Antoine eksprime rejuisans yo pou fason premye jounen egzamen an kòmanse.

Florince Fragile, Savanèt

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841