Yon pikop k ap soti Ench pou rantre TOMASIK rive chavire maten vandredi 17 Jen 2022 a.

Twonson wout Ench Tomasik la nan yon eta deplorab, e kritk. Depi 2 ou 3 grenn lapli tonbe, moun kap frekante twonson wout sa a pa konnen ki sen pou yo rele akoz labou ki anpeche yo sikile Nòmalman.

Ti lapli ki tonbe jedi pase a, lakoz yon pikòp chavire e plis pase yon ventèn(20) gwo kamyon bloke aprè lè w finn kite lospalis, sa ke Faradia JEAN yon manm pwoteksyon sivil Tomasik rapòte Centre à la UNE.

PIBLISITE PEYE

Daprè Faradia, aksidan sa a fèt nan zon ravin sitwon toupre ti mache mango a, li pale ak chofè a, ki fèl konnen pa gen viktim nan aksidan sa a, paske se machandiz ke l te pote.

Nap raple, se chak ane jan de pwoblèm sa yo toujou poze, nan peryòd lapli, avèk labou moun paka sikile; nan le sèk moun paka sikile avèk pousyè.

Se pou konbyen tan ankò moun TOMASIK dwe tann pou sitiyasyon yo chanje?

Philistin Fodner, centre a la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841