Egzamen nevyèm ane ki mete fen ak sik etid fondamantal lan dewoule nan Savanèt menm jan sa ap fèt nan tout kat kwen peyi d’Ayiti lendi 20 jen 2022.
Si pou tout peyi a gen 201280 elèv ki enskri, nan depatman sant gen 13867 elèv enskri ; Pou komin Savanèt, efektif elèv ki patisipe nan eprèv nevyèm ane se 277 prezan sou yon efektif 284 enskri. Selon done estatistik ministè a mete deyò.


Repatisyon selon sèks elèv yo pèmèt nou idantifye plis fi ki patisipe nan egzamen ane sa a ke gason. Gen 171 fi ki te reponn prezan e yon lòt kote gen 106 gason prezan pou patisipe nan egzamen nasyonal sa pou elèv 9èm ane yo . Paralèlman, efektif absan an trè minim ; gen 6 fi ki absan kont 1 gason ki pa prezante nan sal egzamen pou tout komin Savanèt nan .

Responsab syèj egzamen an Enspektè prensipal Abraram JOUTHE ,responsab sant lan Direktè Abner SAINT-LOUIS ak kòdonatè distri a ,Enspektè zòn MAXÈNE ANTOINE tout ansanm eksprime rejwisans yo ak gwo lakontantman pou fason premye jounen egzamen ap dewoule.

PIBLISITE PEYE

Nap raple, egzamen nevyèm ane fondamantal ane saa ap dewoule soti lendi 20 pou rive mèkredi 22 jwen 2022 sou tout teritwa peyi D’Ayiti.

Florince Fragile, Savanèt

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841