RIBRIK LIB OPINYON CENTRE À LA UNE

VAGABOUNDO = Vagabon se yon pwogram chawa, dezòd, imoral tout kalite òganize chak ane dènye jou egzamen Bakaloreya nan Lascahobas. Ki pran nesans nan ane 2019 ki pral sou 4èm edisyon li, kote anpil vagabon toujou fè deplasman pou aktivite sa .

Lavi pa rezime sèlman nan chache mete konesans nan tèt, mete manje nan vant ak met lajan nan pòch. Donk, selon anpil sikològ tankou Wadson yon sikològ ameriken ki montre lwazi enpotan anpil nan lavi moun. Menm, gen tewori ki montre 24h a ta dwe divize konsa :

8h – pou dòmi
8h – pou travay
8h – pou Lwazi
.

Ki donk, aprè 14 ane lekol, se nòmal pou paran yo, ta dwe kite timoun yo al defoule yo, pou yo pran ti plezi yo epi voye fatig ak estrès ale jis pou lespri yo dispoze pou planifye nouvèl oryantasyon yo, nan pakou pwofesyonèl yo.

PIBLISITE PEYE

Men, ki kote ?
Nan Vagaboundo ?

Yon paran ki ta gen tèt li plase sou zepòl li, depi nan apelasyon pwogram nan, fòk li ta rele anmweyyy!!! Epi mete tout barikad posid pou evite patisipasyon pitit li nan yon aktivite konsa. Apre 14 ane envestisman, gen plizyè ka gwosès nou jwenn nan ankèt nou, se ka elèv NS4 ki gwòs apre pwogram VAGABOUNDO sa a.

Tande ak wè se de (2) nan dènye jou egzamen sa, si w pa mete linèt ou, lap difisil anpil pou rive idantifye sa ki fi, sa ki gason. Se yon anbyans devègonde, imoral jeneralize, sèl bwason ki konsome se alkòl, se bòz… Pètèt ane sa a, nou kapab jwenn CHICHA tou kòm se lagrand mòd.

Yon pwogram ki ta dwe demare ak yon deba sou oryantasyon ak motivasyon pwofesyonèl pou klotire nan fwote lespri sou koze peyi. Tout fwa, nou pa inyore bwè alkòl ak lòt pratik yo, men se ak sila yo ki gen volonte pou sa. Lide a, ta dwe mande timoun ki pa gen otorizasyon pou rete, kite espas la. Men, pito tout moun fè yon sèl. Wap sezi wè, menm pwofesè al pyafe ak elèv yo, nan pwogram chawa pete sa.

Paran… Bagay yo grav, leve pye nou, pye kout pran douvan. Apre 14 ane envestisman, pa kite yon ti moman jwisans mete pitit ou a anfas echèk li pat janm swete. Selon anpil moun kap swiv program sa a chak ane, li fè plis mal ke byen, li sitèlman fè mal, ane sa men, se atis nasyonal Pierre Jean MILIEN ki afiche pou vinn fè timoun yo gouye, jan eslogan atis la di a : se ane sa ki pral gen gouyad.

Se yon sosyete ki valorize malpwòpte ak salopri, pou sware a, genyen kap depanse 1, 2 mil dola, nan wisky, vodka ak ennesy. Poutan, gen yon ekip jenn ki mete yon prefak prèske pou granmesi, tout sal preske vid.

Eske pwogram nan dwe kanpe ? Non, men fòk planifikatè yo pote anpil chanjman nan reyalizasyon an, paske gwoup moun yo sible a ka vinn itil peyi a. Nou pa kapab kwaze bwa nou kite yo fini ak jenn kominote Lascahobas la, nan enterè yon ti gwoup, paske rezilta a nan 10,15 ane ankò ki pral plis ti grapyay, ti delenkan ak ti vòlè nan lari, lè se timoun kap fè timoun.


Opinyon Mèt Elinor ACCIDE✍🏿.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841