Atravè yon kominike, Asosyasyon Machann ak Endistriyèl yo (Acis) anile yon akò yo te siyen ak Konsila Ayiti nan Santiago atravè konsil jeneral peyi Ayiti a James Jacques.

Akò sa a, ki te siyen premye jen 2022 a, te gen provizyon pou rezoud kèk pwoblèm konpatryòt Ayisyen yo ap fè fas kay vwazen an , pami yo : se fasilite dokimantasyon pou travayè ayisyen nan endistri ki fè pati ACIS yo ak viza k ap dire yon lane olye de twa mwa.

ACIS bay rezon ki fè akò a ak onorab Konsil Jeneral Ayiti a nan Santiago de los Caballeros pa egziste ankò, yo fè konnen , akò sa san efè e san okenn valè legal ankò.

ACIS akeyi solisyon otorite Dominiken yo te dakò nan lèt prezidan asosiyasyon an Sandy A. Flipo te siyen e ki date samdi 25 jen pase a. Sepandan, yo endike ke akò a, dwe dispoze yon moun ki okipe pòs la nan konsila a e ki dwe jwenn benediksyon ofisyèl ki soti an Ayiti, paske James Jacques pa kenbe ankò. Ki donk li ta nesesè pou detèmine si moun ki ap vini an ap dispoze pou fè kontinye ak akò sa .

Ministè zafè Etranjè Repiblik Ayiti a, atravè yon nòt diplomatik voye bay Anbasad Dominikèn nan Pòtoprens ,yo konfime nominasyon yon nouvo chèf misyon Konsilè nan Santiago de los Caballeros.

Nan yon konferans pou laprès nan samdi 25 jen an, James Jacques ki konsil jeneral peyi Dayiti nan vil Santiago Repiblik Dominikèn kondane ajisman ilegal sa yo imigrasyon ap fè sou konpatryòt yo laba a. Li menm kòm diplomat pa epanye paske yo frape l, maltrete e imilye l .

James Jacques

Yon lòt kote, imigrasyon te demanti move tretman Jaques ak lòt Ayisyen ki te prezan nan restoran an, e li te asire ke 21 ayisyen san papye yo te arete sou plas. Epoutan, tout moun te wè ak 2 zye yo nan videyo kap sikile sou rezo sosyal yo koman yo tap maltrete konpatryòt Ayisyen yo nan jou sa .

Menm jan an tou, yo te konfiske anviwon 15 paspò ayisyen, ansanm ak 56 500,00 peso dominiken, 890 dola ak 4 100 goud.

Yon lòt kote, antite a rapòte ke yo te aji an repons aprè plizyè douzèn plent ke vwazen ak sitwayen kap viv nan zòn nan te denonse gwo bri ak eskandal ki toujou ap fèt nan mitan lannwit ki enpeche yo domi .

PIBLISITE PEYE


Desizyon ministè zafè etranjè pran kote li adrese yon nòt diplomatik sa bay anbasad Repiblik Dominikèn nan Pòtoprens la pou l fè yo konnen ,yo te deja mete fen ak misyon konsil jeneral peyi Ayiti a nan Santiago. Nòt sa plis sanble ak ti moun ki rete ak moun ,ki pa gen okenn elegans , sa demontre nivo restavèk leta Ayisyen fas ak leta dominiken. Si pou menm diplomat peyi a, yo pè pran pozisyon devan lòt peyi e ou pou menm ti malerèz ki pa gen non . Jan pwovèb kreyol la di a » se mèt kò ki pou veye kò paske leta Ayisyen pa bay moun pote yon goud gaz pou yo» .

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar