La Meri nan Beladè chita pale ak divès notab nan vil la dimanch 3 jiyè 2022 nan objektif pou prezante yon pwojè Zanmi Lasante, MSPP genyen pou konstwi yon lopital modèn nan Beladè ki va sèvi tout rejyon an..

Daprè Direktè Sante depatman Sant lan, Doktè Jean-Baptiste Denis, fon pou konstwi lopital la gentan disponib, sepandan yo bezwen yon tèren disponib pou yo demare..

Majistra Maclish Ledou bò kote pa li adrese ak sitwayen kite nan rankont la pou mande yo mete ansanm pou yo ka idantifye yon espas pou pwojè sila.

PIBLISITE PEYE

Nan brase lide, notab yo idantifye plizyè kote tankou Kolora, nan Reji a, Kamawon, kwafè, dèyè mòn…

Anpil bravo lakontantman pou lide pwojè sa, paske popilasyon Beladè an soufri anpil nan mache bouske laswenyay nan Repiblik Dominikèn, koz lopital ki gen la pa reponn ak tout sèvis..

Nap raple rankont la abouti ak kreyasyon yon komisyon 9 manb pou fè swivi pou jwenn espas pou konstriksyon lopital de referans sila nan Beladè. Komisyon Sila gen ladan:
1) M. Renold Fleury
2) Pastè Emmanuel Durosier
3) Ansyen majistra Émile Lucner
4) Mme Bergetha Fortune
5) M. Patrick Jeune
6) M. Francisse Compère
7) Mme Yvonne Monclaire
8) M. Beaubrun Unick
9) M. Fayol Pigne

Daprè responsab yo, pwojè pou konstriksyon lopital sila nan komin Beladè pa ta dwe pran anpil tan pou demare..

Love Aimont, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841