Festival Vyèj Mirak nan Sodo se yon randevou kote Katolik, vodouyizan ap sipliye Vyèj la.16 jiyè se fèt Mon-Kamèl Sodo ki selebre tou nan Bizoton (Carrefour), nan nò ,nan Kabarè men Ville Bonheur oswa Saut-d’Eau, depatman Sant se prensipal basyon kote plizyè milye moun vinn selebre.

Sodo sitiye nan lwès komin Mirebalais, komin Sodo se kote fèt Mon-Kamel la selebre chak ane, yo rele tou Vyèj Mirak, ki atire plizyè milye pèleren ayisyen ki soti toupatou tankou nan Amerik di Nò, nan West Indies ak an Ewòp.

PIBLISITE PEYE

Nan vil sa a, nou rankontre plizyè gason ak fanm nan divès relijyon ki vin remèsye Vyèj la, oswa pou mande yon favè. Kaskad la ki yon ti kras pi lwen se kote ki plis frekante pa fidèl yo ki di ke yon jenn fi ki te parèt an 1848( Ki se vyèj la jounen jodia), dapre sa plizyè sitwayen eksplike de origim tradisyon sa . Listwa rakonte tou Legliz Notre Dame du Mont-Carmel, te monte nan ran chapèl se nan lane 1905, ki donk ane sa yo pral selebre san disèt (117) lane anivèsè yo.

Se toujou 15 jiyè, yon jou anvan fèt la, apati 10 h nan maten , aktivite yo vrèman kòmanse nan vil la. Komin Sodo se anviwon karannsenk minit (45) de kapital la.

Jan nou konnen l, fèt chanpèt sa toujou resevwa gwo otorite nan peyi a tankou : Prezidan, premye minis , minis ,senatè, depite elatriye…reponn prezan pou patisipe nan gwo selebrasyon nasyonal sa, byen ke 2 lane ki sot pase la yo kovid-19 ak asasinay anyen prezidan Repiblik la Jovenel Moïse te paralize ak efektif moun ki konn prezan nan fèt sa .

2 manb komisyon kominal yo

Malgre gwo difikilte Meri Sodo a ap fè fas nan moman sa , kote komisyon kominal la redwi ak 2 manb , leta dwe anplwaye meri yo ki pa touche, leta santral poko di anyen pou asenisman vil la , yo poko pase men nan wout Dibison, Titanyen , Noyo e mete anplis sou mari merès prensipal ki se Rony Dumond ki gen 24 jou depi yo kidnape l nan Pòtoprens.

Majistra Marie-André Ruth Thélus ki pat santi moral li pa tèlman stab( paske mari l nan men ravisè yo ) nan moman an pou ta fè yon entèviou ak jounal Centre à la UNE sou dispozisyon ak preparasyon fèt patronal vyèj mirak ane sa , li fè nou konnen , lap fè tout mwayen posib pou fèt la byen pase ane menm si l poko resevwa yon goud nan men enstans konsene yo pou bidjè yo genyen pou egzekite ane sa.

Pèleren devan legliz Katolik la.

Konsta jounal Centre à la UNE fè , komin Sodo gen tan chaje avèk moun ki soti nan kat kwen peyi a , yo gen tan enstale yo ap tann jou sa . Nap raple nou ,moman fèt sa ,lari yo bloke ak machann, sa koz anpil fwa sikilasyon an difisil e preske enposib.

Gason ak fanm nan kilt refòme yo preche bon nouvèl la, pratikan vodou yo idantifye ak rad yo ansanm ak katolik yo ak rad oswa chemiz blan oswa ble yo. Si katolik yo parèt nan legliz la ak yon bouji nan men yo pou mande yon mirak nan men Vyèj la, ebyen vodouyizan yo pran swen pou yo pran yon beny tradisyonèl nan so dlo a oswa pou yo fè yon parad ak son tanbou vaksinen nan lari.

Azò

Fok nou pa bliye pou moun kap viv nan komin nan ,se yon sezon ekonomik tou ke popilasyon vil Bonè a benefisye, yo lwe kay, fè kòmes, vann pwodwi ki soti nan jaden yo elatriye ………

Popilasyon a di ,yap tann tout moun pou vinn fete ak vyèj mirak nan Sodo.

Enfòmasyon nou dwe konnen

Komin Sodo se youn nan komin peyi a yo toujou pale de li . An jeneral, li jwi yon klima nòmal.

Administrativman, komin Sodo divize an kat (4) seksyon kominal. Li gen omwen karantnèf (49) lokalite.Komin Sodo fwontyè nan nò pa Komin La Chapelle ak Boucan carré; nan sid, pa komin Croix des Bouquets, Thomazeau ak Cabaret; sou bò solèy leve, pa komin Boucan Carré ak Mirebalais, epi nan lwès pa komin Cabaret ak Akayè. Li te fonde an 1905, yo te elve l nan ran distri. Yo rele tou Vil Bonè, komin Saut d’Eau te monte nan ran komin an 1926.

Moun ki rete nan komin sa yo rele saudelais, saudelaises. Fèt patwonal li , Mont- Carmel ke yo rekonèt kòm Vyèj Mirak» vil sa fete fèt Lamercie chak 16 jiyè ak 24 septanm.

Chak ane, nan okazyon fèt sa yo, vil la resevwa plizyè milye moun, gason kou fanm, ki vin lapriyè, vin benyen nan kaskad dlo a (So dlo a) pou chèche gerizon, mirak ak lòt bagay ankò.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar