Nan yon vizit nou te reyalize Sou twonson wout Ench- Tomasik, Madi 5 Jiyè 2022 a, ki se 4èm jou aprè mobilizasyon ki te deklanche jou vandredi 1 jiyè a, nou te asiste ak yon sèn ki te tris anpil se ka yon jèn dam ke nou deside pwoteje idantitel, nou pa site nonl ki ansent eki fè eklanmsi, yo te oblije transferel nan yon lopital Ench an ijans poutan, sou tout wout la kote ki genyen barikad yo se ak men yo oblije ap level pase pou yo wè si yo te ka bal lavi. Yon trajè ki te trè di pou jèn dam sola men erezman li te soti anvi.

PIBLISITE PEYE

Moun nan komin Tomasik e moun tout lòt lokalite ki itilize twonson wout sila, rapòte ; pou yo ta kanpe mobilizasyon sila, fòk se wout la ki dwe konstwi.

Nap raple ke, wout sila se yon wout ki relye Ayiti ak Repiblik Dominikèn e li genyen 2 gwo fwontyè ( Banika- Hato viejo) kote transpò fè ak siman fèt anpil sou li. Anplis, kote kamyon soti Okap, Mayisad, Ench, Sen Michèl ki itilize wout sila , chak jou, pou al pran machandiz nou sot site la yo sou fwontyè.

Sou wout sa a tou genyen yon pòs kontwòl ladwann ki pèmèt Leta rantre lajan. Donk se yon wout ki iti Leta nan dedwane gwo kamyon siman ak fè.

4 jou aprè mobilizasyon yo, daprè pwotestatè yo, pliske pa gen aksyon konkrèt ki poze, ebyen mobilizasyon yo ap kontinye jiskaske wout la kòmanse, si n ta vle kwè pawòl kek peyizan ki te kanpe deyè barikab yo.
Pou konbyen tan ankò Pwotestasyon sa yo ap la ankò, e ki rezilta kap vini?

Philistin Fodner centre à la UNE Tomasik

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841