« Alternatiba » demare ak 5èm edisyon vilaj « alternatiba » vandredi 8 jiyè 2022 a nan vil Bèladè sou non: vilaj « alternatiba » binational. Aktivite sila ap dewoule nan espas mache peyizan lospwèt nan Bèladè.

Nan edisyon sila k ap òganize Beladè ki pote non « Vilaj Alternatiba binational « . Paske ane sa responsab yo atire atansyon piblik la sou patisipasyon repiblik Dominikèn. Ap gen konferans sou jesyon dechè, sou chanjman klimatik ak anpil lòt, ekspozisyon ak aktivite kiltirèl selon sa Miselène Jean youn nan responsab yo fè konnen.

Altènatiba se yon mouvman sitwayen pou klima. Youn nan objektif yo se montre klèman gen solisyon ki egziste nan konba k ap mennen tankou: lit kont itilizasyon estirofom (kèp ak asyèt katon).. Slogan yo se:
Nap chanje sistèm nan men nou pap deregle klima a.

PIBLISITE PEYE

Nan yon konferans pou laprès jedi 7 Jiyè 2022 a, responsab Alternatiba yo pale de 4 edisyon VILAJ ALTÈNATIBA pou klima ki deja òganize 2015 ak 2016 Kenskòf, 2017 Site Solèy ak 2018 Hinche (Basen Zim).

Vilaj Altènatiba se yon mouvman ki vini de GAFE (Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement) …

Love Aimont, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841