Seremoni ofisyèl pou remèt Plan Devlòpman Kominal (PCD) bay la Meri Beladè..

Nan lokal le Rozo Jedi 14 Jiyè 2022 an, Ministè Planifikasyon, PNUD ak Groupe Trame S.A remèt yon gwo dokiman ki pote non PCD (Plan Développement Communal) bay La Meri nan Beladè..Seremoni sa kite reyini anpil sitwayen komin nan ak otorite.

Nan entèvansyon Wesny Chaperon ki se reprezantan Ministè Planifikasyon ak koperasyon ekstèn (MPCE), fè konnen PCD se yon zouti enpotan kap pèmèt nou byen oryante pou fè Devlòpman nan komin nan, kote li idantifye tout sak dwe fèt tankou lekòl, lopital, wout, jwenn dlo elatriye…

Majistra Maclish Ledou nan diskou l fè konnen:
PCD sa se pa vizyon X ou Y men se pitit komin lan ki di men sa yo ta renmen ki pou fèt nan komin lan nan ane kap vini la yo.
Se yon dokiman stratejik byen chapante a travè yon program etabli ki devlope an ide pwojè vyab nan yon espas de tan.

PIBLISITE PEYE

Nap raple nou ke pwojè sa pote non AGLDT (Appui à la Gouvernance Locale et au Développement Territorial) ki benefisye yon trip finansman nan men Canada, PNUD ak Gouvènman Ayisyen..

Love Aimont Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841