Frantzdy Pierrot se yon foutbolè ayisyen ki jwe kòm atakan pou Maccabi Haifa nan premye Lig Israelyen an. Jwè foutbòl ayisyen an mete non li nan liv lig la lè li se premye bitè.

Yon ti kout listwa, sezon pase a, Karim Benzema te pi gwo bitè nan tounwa a ak 15 gòl, li te bat Lewandowski (13), Haller (11), Salah (8).

Atakan ayisyen an gen senk gòl nan senk match. Olympiacos (double nan dezyèm manch pou pase dezyèm tou an (0-4), Apol Limassol (objektif pou mete yo sou wout faz eliminatwa yo (4-0) ak Red Star (2 gòl pou rive pi pre faz gwoup la 3-2) Pierrot vinn pi gwo bitè nan Lig chanpyon sa a ansanm ak Nijeryen an Boniface (Bodo/Glimt).

Entènasyonal Ayisyen Frantzdy PIERROT ak Klèb li Maccabi Haïfa konnen ak ki klèb e nan ki group yap ye pou faz final lig dè chanpyon 22-23 aprè tiraj Jedi 25 Dawout 2022. Maccabi trouvel nan group H e lap gen poul jwe fas ak Juventus- Paris St. Germain e Benfica de Lisbonne.

Maccabi Haïfa se yon klèb premyè divizyon nan peyi Israël, li te jwenn biyè pou li al jwe pi gwo konpetisyon nan nivo klèb Ligue des champions aprè kalifikasyon nan baraj fas a klèb Étoile rouge de Belgrade nan de (2) match ale e retou gras ak sipò atakan Ayisyen an ki te fè de (2) gòl nan senk (5) Maccabi te make yo.

Réginald Louis, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841