Pòtoprens, 26 out 2022

Kominike pou laprès:

Rantre lekòl la fikse pou lendi 3 oktòb 2022 pou ane akademik 2022-2023

Apre desizyon ki pran sou plizyè dosye tankou rantre lekòl ak lòt nan Konsèy gouvènman ki fèt jodi vandredi 26 out la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap fè tout popilasyon an konnen sitou kominote edikatif la rantre lekòl la pou ane akademik 2022-2023 a ap fèt pito nan dat lendi 3 oktòb 2022.

Ministè a ap gen pou pibliye nan jou kap vini yo nouvo kalandriye eskolè 2022-2023 k ap bay tout presizyon sou dat ki pi enpòtan pou ane akademik 2022-2023 a.

Ministè a pwofite bay tout paran, anseyan ak direktè lekòl yo garanti nouvo kalandriye eskolè a ap respekte kantite jou yon ane lekòl dwe genyen pou aprantisaj timoun yo fèt kòmsadwa.

Biwo kominikasyon/MENFP

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841