Pou pi piti, 44 ansyen depite pa t fè deklarasyon patrimwàn yo nan DGI pandan 4 lane manda yo. ULCC remèt bay Lajistis peyi Ayiti yon lis 44 ansyen palmantè 25 Dawout 2022 a.

Depite sa yo ki soti nan divès komin nan peyi a pa ranpli obligasyon la lwa ba yo sou koze deklarasyon patrimwàn yo nan DGI jan lwa yo mandel la. Inite kontwòl la remèt bay lajistis peyi a lis palmantè sa yo kòm moun ki enpengle tout longè nan koripsyon.
Responsab ULCC yo fè konnen 44 ansyen eli sa yo pa respekte atik 18 ki pale sou kesyon deklarasyon patrimwàn, ki gen rapò ak atik 28 nan kòd pénal Ayisyen an.

Men lis 44 ansyen chèf yo :

1-Caleb Derameaux
2-Lemaire pierre
3-Printemps Bélisaire
4-Jean Marcel Lumérant
5-Germain fils Alexandre
6-Bertin Augustin
7-Gerard Paul Lorméus
8-Jean Asthène
9- Jean Marie Florestal
10-Fils Joseph
11-Denis Saint Fort
12-Jude Jean
13-Fred Pitton
14-Kétel Jean Philippe
15-Hermogène Daniel
16-Peter Castin
17-Jean Berthole Bastien
18-Michel Jacques Saint-Louis
19-Jackie Guerrier
20-Micalerme Pierre
21-Bertrand Sinal
22-Roudy Devil
23-Sony Cabe
24-Bernard Dorismond
25-Daniel Letang
26-Pierre-Louis Ostin
27-Rodney Charles
28-Claude Lesly Pierre
29-Freud Maurancy
30-Louis Marie Bonhomme
31-Gérard Saint Juste
32-Gabriel Lyonel Jean
33-Guerchon Guerrard
34-Victor Prophane
35-Salem Raphaël
36-Wikerson Garnier
37-Jacob Latortue
38-Frist Adrien
39-Elience Petit-Frère
40-Jean Michel Moïse
41-Jacques Julmioce
42-Wenchel Olivier
43-Pierre Féquière Julien
44-Jean Galvin Charles

Èske pa gen lòt dosye ki pi enpòtan pou peyi a ULCC te ka bay rapò?

JOSEPH Cenes, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841