Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP) pibliye yon nouvo kalandriye eskolè pou ane akademik 2022-2023 a vendredi 2 septanb 2022 a. Nap raplew, akò ak angajman sa yo te pran, aprè desizyon Konsèy Gouvènman an te adopte pou reouvèti klas yo, ki te fikse pou 3 oktòb 2022.

NOUVO KALANDRIYE ESKOLÈ 2022-2023

Nouvo kaladriye sila pran an kont dat ouvèti ak fèmti lekòl yo. Kantite jou aprenan yo ap genyen pou pase nan sal klas ap yon total de 184 jou plis 13 jou konje. Dat ki fikse pou egzamen ofisyèl yo repati konsa: Egzamen nevyèm ane fondamantal ap kòmanse 3 pou rive 5 jiyè 2023, egzamen enstititè prevwa pou òganize soti 30 jen pou rive 6 jiyè 2023, egzamen bak inik (segondè) amelyore SIV ap kòmanse 17 pou rive 20 jiyè 2023, epi egzamen fòmasyon teknik ak profesyonèl se 24 pou rive 25 dawou 2023..

PIBLISITE PEYE

Kantite èdtan ansèyman (tankou yon endikasyon) se 920 pou Fondamantal ak 1104 pou Segondè.

Réginal LOUIS depi Pòtoprens pou Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841