Sòti nan kapital peyi d’Ayiti, pase nan vil pwovens yo, rive nan zòn andeyò yo, nou souvan kwaze kèk gwoup jèn gason pou laplipa reyini nan yon pwen sou katye lakay yo. Depi li fè jou, yo fè rasanblay nan espas la pou rive byen fon nan lannwit. Konsa yo fòme yon gwoup ke yo rele BAZ ke yo bay yon non espesifik. Anpil moun k ap obsève fenomèn sa nan peyi a, reyalize anpil fwa, baz yo konn transfòme an gang kriminèl ki alamòd nan peyi a jodi a e ki pa manke mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan, nan dènye deseni sa yo.

Genyen yon vye pwovèb kreyòl ki di : «Chemen bouton se chemen maleng». Efektivman, nenpòt ti boutou kapab transfòme an java depi li pa jwenn laswenyay medikal nesesè ki pou bloke elajisman sou kò a. Alèkile, egzistans ti BAZ yo nan peyi a se yon fenomèn sosyetal, ki pa etranj pou pyès moun. Sa fè kèk tan n ap asiste ak yon latriye jenn gason, dèfwa melanje ak jenn fanm chita anba yon pyebwa, sou yon galeri devan papòt kay, awolon lari sou kawotchou yo plante nan tè pou alimante yon fòm kamaradri, men kiryezman, san yo pa gen okenn bi ak objektif y ap rapouswiv. Depi ba jou kase rasanblay la fèt jous pou rive byen ta nan nwit. Toujou nan yon anbyans mizikal ki konn twouble lapè piblik.

PIBLISITE PEYE

Orijin ak sans konsèp baz
Li parèt trè difisil pou retrase avèk presizyon istwa konsèp baz epi detèmine aparisyon ekzakt li nan lang kreyòl ayisyen an. Dabò, li se yon mòfèm leksemik ke kreyòl la prete nan lang fransè pou anrichi repètwa leksikal li. Leksèm sa pa sibi ankenn enfliyans fonolojik, ni semantik, ni fonetik lang kreyòl la men li sibi sèlman yon ti transfòmasyon mòfolojik pandan ke l konsève menm klas gramatikal li antanke non an fransè. Baz se yon mo polisemik. Daprè Diksyonè Kreyòl Vilsen; li siyifi : 1. Anba kote yon bagay poze. 2. Pati ki pi ba. 3. Fondasyon 4. Pati fondamantal nan yon pwojè, nan yon plan…5. Eleman prensipal nan yon resèt. 6. Nan domèn militè : Katye jeneral kote militè antrene, kote yo planifye aksyon militè . Anplis yo anplwaye l tou nan plizyè lòt domèn tankou chimi, gramè… Li ka pran lòt sans toujou nan lòt kontèks kominikasyonel.

PIBLISITE PEYE

Ki kote listwa BAZ la sòti?
Listwa fenomèn BAZ la kòmanse depi aprè chanbannman rejim diktatoryal Duvalier ki te vin bay pòt pou mete kanpe yon sistèm politik ibrid yo rele a tò «demokrasi» men ki pito se yon «anachi.» Pèp la kite pèdi pandan plis pase 29 ane tout dwa ak libète l, sote sou okazyon sa a li jwenn nan pou wete baboukèt nan bouch li epi defoule l libreman . Konsa, sitwayen yo te konn reyini yo anba pye bwa aprè travay pou fè brasay lide nan yon atmosfè amikal epi kèpòpòz. Lè sa a se te grandèt yo, sitou sila yo ki te gen menm tandans ideyolojik ak menm konpreyansyon oswa sansiblite politik. Nan lanne 1995 , Gwoup mizikal King Pase te itilize tèm «baz» la pou te fòmile tit kanaval li konsa » Baz nòmal«. Tan prale tan ap vini, fenomèn BAZ la ap vale tèren san gade dèyè epi li pèdi tikras pa tikras nati ak sans li te genyen. Se byen domaj, sosyete a sòti nan mal pou tonbe nan pimal.

PIBLISITE PEYE

Kòmanse nan lanne 2000 yo konsa pou rive 2010, kesyon BAZ la se te yon gwoup fanmi oubyen zanmi ki chita an estaf pou anmize yo nan tande bèl mizik ansanm, bay blag pou voye estrès ale ziltik epi fè tan pase nan moman lwazi yo. Nan epòk sa a se te yon plezi pou yon animatè, yon prezantatè emisyon radyofonik resevwa apèl telefonik yon BAZ paske se te yon siy ki pwouve emisyon l nan gen gran ekout. Men sòti nan zòn 2010 pou rive jodi a fenomèn sa a pran yon lòt fòm nan sosyete a epi pèdi kareman bon sans li te genyen oparavan pou vin pran yon konotasyon pejorativ. Alò gwoup polikik ak kandida vin kòmanse itilize baz yo nan kad kanpay elektoral pou pran pouvwa kote yo distribiye zam ba yo ak lajan pou fè eleksyon. Konsa yon dividal baz ap boujonnen tankou djondjon nan tout rak, nan tout kwen nan peyi a, sa ki pa lèse endiferan ankenn sitwayen konsekan nan sosyete a.

Ki kategori de moun ki fè pati BAZ yo kounye a?
Nan yon ankèt jounalistik nou reyalize pandan plizyè ane sou kesyon sa nou jwenn se jenn gason an majorite ki gen 20 a 27 ane anviwon ki adere ak baz yo. Ou ka kontre yon Baz ki gen manm ki depase 27 e genyen ki enferyè a 20. Souvan se jenn moun ki pa kontinye etid klasik yo ki rete nan wazivite. Dèfwa se lòt ki fini etid klasik men ki pa sousye pou aprann yon metye. Akote jenn gason sa yo ou ka jwenn kèk jenn fanm ki lage e ki ap pratike move mès. Toujou abiye byen banda ak yon boutèy alkòl ke y ap bwè an kominyan.

Kijan yon BAZ ka transfòme an gang?

Nan menm ankèt jounalistik nou reyalize a nou te rankontre Oslin Joseph, yon jenn gason 25 lanne, manm yon Baz nan yon vil pwovens. Misye fini etid klasik li depi 6 an e l te entegre yon baz 2 ane aprè l te fini etid li a. Li revele ke objektif yo se pa t pou devni gang. Men nan rasanble toutan yo tonbe nan konsome alkòl abizivman. Sila yo ki te deja dwòge yo awoute lòt yo nan pratik sila. Nan pran estipefyan toulejou manm baz yo yo devni akwo konsa yo nan obligasyon chak jou pou jwenn bagay pou fimen. Kòm se yon gwoup jèn wazif, yo vin gen gwo pwoblèm ekonomik k ap toumante yo. Yo kòmanse ap afiche yon konpòtman devyan epi yo pran abitid ap mande pou jwenn lanjan epi fè ti vòlè afè moun toupiti. Kèk politisyen malonèt ki konprann sitiyasyon jèn sa yo kapab pwofitab avèk kòz pa yo, chak fwa pral gen eleksyon ba yo lajan ak zam ak kondisyon pou ede yo ranpòte eleksyon an. Aprè eleksyon fini, manm BAZ yo konsève zam yo pou regle zafè pèsonèl yo.

Nou te rankontre yon lòt sitwayen ki pase plis ke 46 lanne ap viv nan yon katye popilè nan Pòtoprens men li reklame anonima. Sitwayen sa ba nou esplikasyon sou lòt faktè ki transfòme BAZ yo an gwoup gang. Misye deklare gen anpil Òmdafè ki mete zam, bay gwo lajan ak veyikil nan BAZ yo pou kreye latwoublay nan peyi a nan fason pou echape anba kontwòl Leta epi fasilite kontrebann yo. Se sa ki fè katye popilè yo donnen plis gwoup gang epi yo toujou ap twoke kòn pou rive gen plis tèritwa.

Èske tout BAZ ki fòme ap devni Gwoup gang fòseman?
Li evidan alèkile gen gwoup gang ki eziste nan 10 depatman peyi a men fwaye prensipal la se nan kapital la li chita. Sa nou plis tande yo se sa ki pi puisan yo. Yo te egziste deja byen lontan avan yo te vin gen notoryete. Gen pil lòt BAZ k ap pran jarèt, e se dejou an jou y ap miltipliye pirèd. Se pa yon kout zèklè ak loray ki kale yo, gwoup gang yo swiv yon long pwosesis anvan egzistans yo, jan nou te esplike sa anvan an. Kòm tout règ gen eksepsyon nou ka jwenn kèk BAZ ki pa transfòme an gang si toutfwa yo pa livre nan dwòg epi yo pa kite Òmdafè ak politisyen malonèt manipile yo pou degouden.

PIBLISITE PEYE

Plis tan an ap modènize se se plis l ap charye dèyè l pil gwo pwoblèm. Chak peyi mete mwayen teknolojik ak syantifik yo deyò pou fè fas ak fòs nuizib yo, ak tout move lawon ki anpeche moun viv anpè nan peyi a. Ayiti dwe mete l opa ak modènite tan an epi zèvi ak menm zouti sa yo pou rezoud pwoblèm ensekirite sa a, e si l pa fè sa n ap toujou wè tout ti bouton ki leve sou kò peyi a tounen java.

Kénel DÉRAC
kenelderac70@gmail.com

Pou Jounal Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841