Nou nan 249è jou/ 36è semèn/ 9è mwa pou ane 2022 a.

Kisa kite pase yon 6 Septanb
1522: fen premye tou latè pa Fernand Magellan (se te yon gran navigatè Pòtigè).

1901: Prezidan ameriken William Mc Kinley tonbe anba bal e mouri yon semèn aprè.

1902: Bato krèt a Pierrot a detui ak Amiral Killick

1914: Koumansman premye batay Marne.

1965: Lame Endyèn rantre nan Nò Pakistan e bonbade Lahore

1966: Premye minis sud-afriken Hendrik Verwoerd mouri asasine nan yon seyans palmantè nan vil Cap

1978: Koumansman konferans egipto-israwelo-ameriken nan kan David

1989: Yon grèv jeneral eklate nan Eleksyon lejislativ nan peyi Sid afrik pou nwa yo ki te apa.

1990: la France entèdi pou pa chase Lous nan nan Pyrénées

1997: Plis pase yon milyon moun asiste ak fineray prensès Diana nan vil Lond pou te rann li yon dènye omaj.

1998: Akira Kurosawa mouri a 88 lane. Se te youn nan pi gwo reyalizatè sinema Japonè.

Provèv jounen an di: Priyè ranvwaye ranje moun touni

Réginal LOUIS

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841