Pastè Emmanuel Sanon Christian, you n nan sispè kle nan asasina Prezidan Jovenel Moise la, konparet devan tribinal nan Potoprens Lendi 5 Septanm 2022 pou reponn kesyon Jij Walter Wesser Voltaire k ap enstwi dosye a. Se Mèt Stanley Gaston ki te asiste pastè Sanon kòm avoka.

PIBLISITE PEYE

Pastè Sanon 64 lane te pase anviwon 3è tan ap reponn kesyon Jij Voltaire. Avoka li Mèt Stanley Gaston pat deside bay twòp deday sou kesyon Jij la t ap poze kliyan an li an. Li di enstwiksyon an sekrè. Gaston ki t ap pale ak Lenouvelliste deklare pastè Sanon te rantre Ayiti ak yon objektif politik.

Plis pase 40 sispèk te arete nan kad dosye asasinay Prezidan Jovenel Moïse la pami yo 18 sòlda kolonbyen ak 20 polisye Ayisyen. Enstwiksyon dosye sila konsène pastè Christian Emmanuel Sanon, James Solages, Joseph Vincent, Joseph Félix Badio, Marie Jude Gilbert Dragon, Reynaldo Corvington, Dominick Cauvin, Jean Laguel Civil, Dimitry Hérard, Jhon Joël Joseph, German Alejandro Rivera Gracia, Jhon Jairo Suarez Alegria, Naiser Franco Castaneda, Victor Albeiro Pineda Cardona, Neil Caceres Durant, Francisco Eladio Uribe Ochoa.

PIBLISITE PEYE

Chaj moun sa yo genyen sou do yo se: asosiyasyon malfektè, vòl ak zam et consorts, teworis, asasinayinculpés des chefs d’association de ak tantativ asasinay.

Sadrax ULYSSE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841