Plizyè milye moun pran lari manifeste nan vil Ench chèf lye depatman sant Ayiti madi 6 septanb 2022 a, kont grangou, rate gaz ensekirite, manifestasyon sila te fet sou lidèchip yon Ansanm lidè nan sosyete sivil la ki regwoupe yo sou non plato santral devan (PCD).

Byen bonè nan maten rantre vil lan te bloke ak divès lòt ti kwen tankou: bwavèna, vilaj kreyòl, epi kawotchou tap boule, plis kout wòch, kout boutèy, sa ki te lakoz gwo panik ak enkyetid kay anpil moun ki t ap frekante vil Ench.

Yon manifestasyon ki te demare ak 2 tèt finalman yo te vin melanje, yo siyone plizyè ri nan vil la, yo te lanse anpil pawòl piman bouk kont Gouvènman Ariel Henry an, yo di ki p ap regle anyen serye nan Peyi a.

Aba kidnapin, lavi chè, nou bezwen gaz nan ponp yo pou veyikil yo, se kèk pami mesaj foul la t ap lanse.

PIBLISITE PEYE

Fedelin PIERRE youn nan manb plato santral devan, ki fè pati komisyon ki t ap òganize manifestasyon sila ki te reponn kesyon Val Louimanes ; fè konnen te gen moun ki te enfiltre manifestasyon an se sa ki rann gen panik, epi lakoz fòs lòd yo te vin bay gaz lakrimojèn. Aprè anpil ti derapaj kote ajan sekirite lameri yo te tire bal reyèl anlè pou entimide foul la, anfas meri vil Ench lan, manifestan yo te riposte kont ajan sekirite meri yo.

PIBLISITE PEYE

Yon lot kote lapolis te bay gaz lakrimojèn ak bal reyèl sa ki te soulve kolè manifestan yo fas ak britalite lapolis ki te kraze manifestasyon an ak plizyè repriz.

Òganizatè mouvman sila te konpoze konsa ;
1) Adm Fédelin PIERRE
2) Agr Hodson JACQUES
3) Rèv. Père Roodson VIEUX
4) Agr Woodson J. JOACHIN
5) M. Gardy A. JACQUES
6) Professeur Socrate SIMON
7) Mme Ylane DORVIL

Pou fini responsab PCD yo te delivre mesaj yo zòn ba simetyè pou mande Leta asime responsabilite l nan sitiyasyon malouk peyi an.

Paralèlman nan 2yèm vil depatman an plizyè santèn sitwayen pran lari Mibalè pou manifeste tou kont rate gaz, lavi chè, mizè, grangou toujou madi 6 septanb 2022 a, pou di «Leta kanpe la» se twòp atò. Ansyen kandida pou pòs Senatè Gregory Chevry, ansyen depite Descolines Abel te reponn prezan nan manifestasyon sila. Yon manifestasyin ki dewoule trè pasifik Mibalè, kote fós lòd yo te asire sekirite foul kòrèkteman.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841