Pou konbat yon seri deriv ki genyen nan sistèm jidisyè Ayisyen an, biwo kominikasyon primati peyi dayiti sòti yon nòt lendi 5 septanb 2022 a pou enfòme popilasyon an anjeneral ak laprès sou ansanm program premye minis Ayisyen an ,Dr Ariel Henry ap travay.

Yon seyans travay ki kòmanse depi lendi 5 dawout 2022 a ansanm ak komisè gouvèman epi sibtiti komisè nan 18 jiridiksyon nan peyi a, kote yo debat divès sijè nan enterè peyi a epi pran kèk mezi apwopriye ak lalwa.

PIBLISITE PEYE

Gouvènman an pa rete la; nòt sila pale tou sou kesyon bandi k ap fè lalwa nan tout peyi a. Lokatè primati a voye yon piga kont tout liberasyon sispèk. Minis lan fè konnen ap gen diskisyon sou kesyon moun ki nan prizon ki poko janm jije yo pandan y’ap konbat kòripsyon ki anvayi enstitisyon piblik yo.

PIBLISITE PEYE

Se pandan rankont sila se yon gwo okazyon pou te fè echanj enpòtan sou tout kalite pwoblèm paketye yo genyen sitou sa ki gen pou wè ak mwayen k ap pèmet pakè yo fonksyone nan bon kondisyon.

Paketye yo kontan pwomès premye minis lan epi pran angajman dekonsè avèk gouvènman Ayisyen an pou fonksyone yon fason kap pèmèt tout Ayisyen plase konfyans yo nan lajistis peyi an.

PIBLISITE PEYE

Lè n’ konstate kantite deriv ki genyen nan sistèm jidisyè a, èske chita pale Sila ap pote yon rezilta konkrè nan jistis Ayisyen an?

JOSEPH Cenes : centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841