Enstiiti Ayisyen statistik ak enfòmatik (IHSI) soti yon rapò lendi septanm 2022 a sou nivo enflasyon an ye nan peyi Dayiti ki nan nivo 30.5% pou mwa jiyè 2022. Pwodwi enpòte yo monte a 43.2% epi pwodwi lokal yo yo menm monte a nivo 23.2% toujou selon done IHSI rann piblik.

PIBLISITE PEYE

Rate gaz la plis dola ameriken an k ap grenpe chak jou san kontwòl se ta 2 rezon ki bay nivo enflasyon sila nan peyi Dayiti.

Toujou nan rapò sila, IHSI bay yon lis pwodwi ki enfliyanse plis enflasyon an pou ane a. Nan lis sila yo note: pri diri monte plis pase 46.9%, pitimi 26.1%, poul 47.4%, pwason 59.3%, lwil 91.2%, pwa sèch 31.4%, sik 48.1%, malta 25.9%, rad ak bagay pye 44.6%, mèb…43.8%, plat manje 30.4%…

Paralèlman popilasyon plizyè depatman nan peyi a tankou: Lwès, Nò, Sid, Latimonit, Sid, Grandans, Sante… leve kanpe pou rele anmwey kont grangou, lavi chè, rate gaz, ensekirite plis depa premye minis Ariel Henry yo di ki p ap regle anyen nan tèt peyi a.

Sadrax ULYSSE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....