Aprè rankont Premye Minis Ariel Henry te vin fè ak komisè gouvènman 18 jiridiksyon peyi a sou mezi yo dwe pran pou stope deriv vann gaz atè nan lari, ebyen madi 6septanm 2022 a li te reyini ak plizyè sendika chofè taksi moto plis lidè kominotè de baz yo sou koze rate gaz la nan rejyon metropolitèn nan.

PIBLISITE PEYE

Nan rankont sila Premye Minis Ariel Henry te rasire sendikalis yo ak lidè baz yo kèk gwo mezi k ap pran pou yo ka jwenn gaz la disponib nan ponp yo pou yo achte. Pm nan mande sendikalis yo pou yo evite pran wout vyolans paske se pa vyolans k ap rezoud pwoblèm nan. Li te pwofite mande yo tou evite pran nan manipilasyon politisyen rat dokale k ap chache rezoud pwoblèm tèt yo.

PIBLISITE PEYE

Nan dènye moman sa yo kote popilasyon an ap kale jel sou Doktè Henry, bó kote pal, li pa neglije miltipliye rankont li yo kòm li abitye fèl deja pandan yon lane nan tèt peyi a.

Fodner PIERR-LOUIS