ULCC (Inite lit kont kòripsyon ) remèt 10 rapò ankèt li sou egzèsis fiskal 2021-2022 a bay Komisè Gouvènman Pòtòprens la, Jacques Lafontan, jedi 25 Dawout 2022 a, pou mande la jistis peyi Dayiti pou mete aksyon piblik dèyè plizyè moun nan Leta a pou movèz jesyon lajan Leta. Pami enstitisyon sa yo nou ka site:, LEH, EDSEG, FDI ak plizyè Meri. Rapò ULCC a reproche yo paske yo detounen plizyè milyon goud, abi fonksyon, pasasyon ilegal mache piblik.

PIBLISITE PEYE

ULCC reproche ansyen DG Polis nasyonal Dayiti a (PNH), Léon Charles ki te bay anpil avantaj ki pat jistifye ak kèk polisye ak kèk anplwaye administratif PNH la. ULCC mande pou la jistis responsabilize Léon Charles nan move jesyon lajan ti kat polisye yo.

Toujou selon rapò a, ULCC mande trenen devan la jistis Marie Margareth Fortuné Daudier ak frè li Fortuné Daudier paske yo ta detounen 40 milyon 940 mil goud nan Lotri Leta Ayisyen ( LEH).

ULCC mande tou pou mete aksyon piblik an mouvman kont Roland Paphius ak Cheddlie Cherenfant paske yo detounen 8 milyon goud lekòl dwa Gonayiv.

Selon rapò a, ULCC mande mete aksyon piblik kont Serge Merge ak Edgard Jeudi ki se 2 ansyen Direktè Jeneral FDI paske yo prete enstitisyon sila yo lajan deyè do lwa ki etabli pousa. Enstitisyon sila yo se: «Réserve SA 900,000 dola US, HL construction 50 milyon goud, port Lafito 100 milyon goud.

Rapò a pase pran tou palmantè sila yo: Caleb Desrameaux, Lemaire Pierre, Bélizaire Printemps, Kétel Jean Philippe, Jean Marie Florestal, Jean Marcel Lumérant, Bertrand Sinal, Jacob Latortue et Pierre Féquière Julien. paske yo pat fè deklarasyon patrimwàn yo.

DG inite lit kont kòripsyon ( ULCC), Mèt Hans Jacques E. Joseph fè kwè leta a pèdi 500 milyon goud anviwon pou égzis la, swivan enfòmasyon yo trete yo. DG a fè kwè ULCC ap kontinye mete toutouni sou plas piblik tout moun ki konnen y ap fè gagòt nan lajan Leta.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....