Nou nan 252èm jou, 36èm senmèn, 9èm mwa pou ane. Manke 113 jou anvan ane a jwenn bout li.

Provèb jounen an di: Manjew sere se liw chofe

Ki sa ki te pase yon 9 Septam

1776: Dezyèm Kongrè kontinantal la chanje non koloni ini an Etazini

1850: Kalifòni ajoute kòm 31èm eta nan peyi Etazini

1867: Peyi Liksanbou jwenn endepandans peyi

1921: Gwatemala, Ondiras, Salvadò siyen yon konstitisyon pou yon Amerik santral ini

1948: Fondasyon Kore di Nò

1976: Lidè chinwa a Mao Tsé-Toung mouri nan vil Pékin a 82 lane

1991: Tadjikistan te jwenn endepandans li

1992: Winnie Mandela kite tout pòs li te okipe anndan ANC( congrès national africain) Winnie se te Madanm Nelson Mandela.

Jodi a se fèt nasyonal peyi Kore di Nò ak Tadjikistan.

Réginal LOUIS, CENTRE à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841