Prezidan Luis Abinader bay lòd mèkredi 7 sektanm 2022 a pou entèdi ansyen premye minis Ayisyen pou yon ti bout tan an, Claude Joseph pou antre nan Repiblik Dominikèn. Nan menm lis sa a, gen 12 lòt moun ki se chèf gang Ayiti k ap fè lapli e lebotan nan peyi a.

Se atravè kominike 22018 prezidan Dominiken an adrese l ak Venancio Alcántara Valdez, ki se Direktè jeneral Imigrasyon, pou anonse l li pran desizyon sa a parapò ak pouvwa Konstitisyon peyi a ba li pou l aplike atik 15 nan Lwa 285-04 la ki pale sou Imigrasyon ak règleman aplikasyon li yo, ki anpeche antre sou teritwa nasyonal li a tout etranje ki gen yon dosye kriminèl oswa ki nan opinyon otorite ki konstitye yon menas pou sekirite nasyonal ak enterè Repiblik Dominikèn.

Li te pale konsa :«Mwen menm, Luis Abinader, Prezidan konstitisyonèl Repiblik Dominikèn, gras ak pouvwa konstitisyon an ban mwen nan nimero 1 atik 128 Konstitisyon Repiblik la, mwen mande pou yo anpeche antre sou tèritwa nasyonal la Claude Joseph, Jimmy Cherizier alyas Barbecue, Innocent Vitel’Homme, ke yo rekonèt kòm Vitelom – Gang Vitelom (Torcelle), Destina Renel alyas Ti Lapli – Gang Grand Ravine, Wilson Joseph ke yo rele Lanmò San Jou, ki soti nan gang 400 Mawozo».

Anplis, Claudy Celestin yo rekonèt kòm Chen Mechan- Gang Chen Mechan (Carrefour-Tabarre), Alexandre Ezechiel alias Ze-Baz Pilat, Kempes Sanon Baz Bel-Air, Chery Christ-Roi yo rekonèt kòm Chris-La, Felix Monel alyas Mikanò – Baz Waff Jeremie, Jean Pierre Gabriel alyas Ti Gabriel – Gpèp, Alexis Serge Renel yo rekonèt kòm Ti Junior ak Orlichen Emile alyas Pè Lebren- Baz Delmas.

Ansyen Premye Minis Claude Joseph reyaji pou kritike gouvènman Dominiken an ak otorite Ayisyen aktyèl yo.

Nan mwa jen pase a, Claude Joseph te trete Abinader de «ipokrit» paske li pa t dakò regilarize imigran ki soti nan peyi Ayiti yo nan 9e reyinyon Somè Amerik yo. «Sa a se yon nonm ki pa respekte pwomès li nan peyi a sou anpil pwoblèm, men li kwè li ka sèvi ak Ayiti kòm dènye rekou li pou pandye ultra-nasyonalis nan peyi li ak genyen vòt,» se sa li te di nan yon seri twit.

Swit ak entèdiksyon sa a, ansyen Premye Minis Ayisyen an, Claude Joseph, replike ayè jedi a li di : Entèdiksyon pou l antre nan Repiblik Dominikèn nan se yon «onè», asire li mete inifòm konba l sou li pou batay kont tout anti-Ayisyen. Claude Joseph pibliye sou kont twitè li : “Prezidan Luis Abinader entèdi m antre nan Repiblik Dominikèn. Li se egzanp ènmi nimewo 1 rasis dominiken yo. Se pa yon penalite. Se yon onè. Mwen te resevwa l nan non Papa Desalines, Toussaint ak Christophe. N ap kontinye goumen pou konstwi peyi a nan kad istwa li”.

Kominikikasyon sila prezidan Luis Abiner fè a sisite anpil kòmantè sou rezo sosyal yo ki bouste otorite ayisyen yo pou yo ka aji vit pou fè Dominken sispann imilye Ayisyen.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar