Nou nan 255èm jou, 37èm senmèn e 9èm mwa nan ane. Rete 110 jou pou ane a fini.

Ki sak te rive yon 12 Septanm

1494: François premye te wè jou. François 1e te wa peyi Lafrans soti 1515 pou 1547

1711: Fòs franzès yo anvayi bè de Janewo nan peyi Brezil

1848: Lasuis adopte yon lòt konstitisyon federal

1974: Anperè Haïlé Selassié detwone

1962: Gwoup mizika les Beatles anrejistre Love me do

1962: Jeneral Charles de Gaule anonse referandòm pou eleksyon pòs prezidan peyi Lafrans

1997: Konpayi sivil Air France ak air Inter fè yon sèl.

Pami pèsonalite ki fèt yon 12 Septanm gen Paul Walker, aktè e prodiktè ameriken.

Jocelyne Beroard, chantez gwoup Kasav.

Provèb jounen an se: Sèpantye di kè se kòf.

Réginal LOUIS CENTRE à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841