Ernesto Guevara ke plis moun konnen sou ti non «Che Guevara » ou byen «El Che» te fèt nan jounen 14 Jen lane 1928 lan vil » Rosario», peyi Argentine.

Li difisil pou nou chwazi yon kategori pou nou kanpe pòtrè kokenn chenn pèsonaj sa paske li te pote anpil chapo e reprezante anpil bagay pou anpil moun : li te yon doktè lamedsin, yon revolisyonè «Marxiste» , yon otè liv sou metòd gè » Guerilla» , yon teyorisyen militè , yon diplomat, yon bon zanmi Fidel Castro ak youn nan pèsonaj enpòtan lan revolisyon 1959 peyi » Cuba» a.

A travè lemond antye , foto ak non Che Guevara senbolize rebelyon yon jèn gason ki pandan ke li tap etidye lamedsin , te deside fè tou plizyè peyi nan Amerik di Sid la sou motosiklèt ak yon bon zanmi li ki te rele Granado .Se pandan vwayaj 7 mwa sa ke li te gen opòtinite wè ak 2 je li kijan politik enperyalis peyi Etazini te plonje abitan yo lan mizè , grangou maladi ak lakras.

Se imaj mizè ke politik enperyalis peyi Etazini te lakòz nan Amerik Latin nan ki te pouse Che Guevara rantre tèt li nan batay kont sistèm dwèt long sa nan rejyon an. Li te ede prezidan peyi Ekwatè , Jacobo Árbenz , nan refòm sosyal ke li tap mennen lan peyi sila a lepòk, men malerezman , peyi Etazini, a travè ajans CIA ,te monte yon koudeta kont li ki te chavire prezidan Ekwatè a sou pouvwa nan lane 1954.

Aprè echèk sa , Che Guevara te ale nan peyi » Mexique» kote li ta pral fè rankont ki te pi enpòtan nan lavi li antan ke revolisyonè lè li te kontre ak Fidel Castro ak frè li Raúl nan lane 1956 . Kèlke tan aprè rankont sa , nan jounen 25 Novanm menn ane a , Che Guevara te pran direksyon peyi » Cuba» ak Fidel Castro , Raúl ak kèk lòt revolisyonè nan batay revolisyon ke yo te deside mennen kont dikatè kiben a lepòk la, Fulgencio Batista ke peyi Etazini tap sipòte.

Apre viktwa revolisyon kiben an, Che Guevara te ranpli anpil gwo fonksyon nan gouvènman Rejim Castro a tankou : minis endistri ak prezidan Bank Santral , men pozisyon chita deyè biwo pat enterese li, se zafè revolisyon ki te nan tèt li. Se konsa, nan lane 1965 li te disparèt sou sèn piblik ak politik nan peyi » Cuba» kote li te kite deyè madanm li ak pitit li pou li te ale lan peyi «Congo » kote li t ap eseye òganize yon revolisyon.Sa pat rive mache pou li nan peyi sila paske militan yo te plis kwè nan pouvwa pèsonel ke nan chanjman sistèm ke revolisyon an te ka pote lan peyi yo.

Aprè echèk li nan peyi » Congo» , li te lage kò li lan peyi » Bolivie» nan mwa Novanm lane 1966 kote li t’al eseye òganize yon revolisyon la tou , men malerezman li pat rive jwen sipò abitan yo ki pat jwenn li nan kòz revolisyon ke li tap preche a.

Nan mwa Doktòb lane 1967, sòlda lame peyi «Bolivie » a te rive kwense Che Guevara ansanm ak kèk revolisyonè ki te avèk li yo.Aprè ke yo te poze lapat sou li nan jou 8 Oktòb epi fè li pase anba entèwogasyon, yo te fizye li yon jou aprè sou zòd presidan peyi «Bolivie» a lepòk la.

N’ap raple nou ke se te jis nan lane 1997 ke yo te detere rès zosman Che Guevarra pou yo te al antere yo nan vil » Santa Clara» nan peyi » Cuba» kote ke li te genyen yon gwo viktwa nan lane 1958 lan lit revolisyon kiben an.

Se konsa ke lavi gwo revolisyonè sa te tèmine a laj 39 lane sèlman, byen lwen lakay li , lwen fanmi li .Che Guevara te sakrifye jenès li, fanmi li ak lavi li pou kòz moun ak nasyon ke peyi enperyalis yo tap toupizi anba politik enperyalis kraze zo ke yo tap menmen nan mond lan , pi patikilyèman nan ameriklatin nan.

Yon ti refleksyon toupiti, èske nou gen modèl lidè sa yo an Ayiti? Yon moun ki abandone tout sa’l posede pou’l mennen yon lit,li pat wè enterè pèsonel,li te plis wè enterè mas la ke enperyalis yo tap toupizi.

         

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar