Vil Gonayiv konnen yon jounen tansyon lendi 10 oktob 2022 a.Manifestan yo kite ankolè atake epi piye tribinal depè seksyon sid la, palè jistis, ladwàn ak Oavct nan lide pou kontinye reklame depa PM Ariel Henry nan tèt Ayiti. Drapo Larisi, lachin t ap flote nan manif sa. Byen bonè wout yo te barikade epi kawotchou t ap boule.

Ansyen kòmandan Fwon rezistans Latibonit la nan lane 2004 pase a, Wilfort Ferdinand alyas (tiwil ) militan Dolph Guens ki te nan tèt mouvman sila ki t ap pakouri divès ri nan vil Gonayiv pase nan katye raboto pou fè yon sèl ak manifestan raboto yo se te okazyon pou Wilfort Ferdinand ak militan Dolph Guens fèkonnen, mobilizasyon an p ap kanpe nan wout li toutan Premye Minis Defakto Ariel Henry pa kite pouvwa a.

PIBLISITE PEYE

Sou bò pal, Fritz Desir kise pòt pawòl Pati Ayiti an Aksyon(AAA) ki te prezan nan kad mouvman saa salye gwoup manifestan ki te gen nan tèt li ansyen kòmandan fwon rezistans Latibonit la ki fè yon sèl ak yo nan raboto a pou batay pou dekapote Chèf Primati a ki anmenmtan prezidan peyi a. Pòt vwa AAA Fritz Desir pilwen fèkonnen, lit la pap kanpe ditou nan 4yèm vil peyia.

PIBLISITE PEYE

nap fè remake,barikad blòk ,fè, kawoutchou,boutèy,wòch ,bank bòlèt ak bak timachann yo te drese nan plizyè ri nan site endepandans lan. Manifestan sa yo kite ankolè rive atake ak piye divès biwo Piblik tankou, Tribinal depè seksyon sid la, palè jistis Gonayiv la, ladwán ak Oavct nan lide pou kontinye reklame depa Premye Minis Defakto Ariel Henry nan tèt Primati a .

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841