Nan yon konsèy minis gouvènman ayisyen an pran yon rezolisyon ki date jedi 6 Oktòb 2022 pou mande konkou ak entènasyonal la pou fè vini fòs militè pou vin mete fen yon bò ak klima ensikirite kap vale nan peyi a; yon lòt bò pou vin distribiye gaz la ki bloke nan tèminal vare.
Desizyon sila pa sipann charye dezakò nan mitan plizyè sektè nan peyi a, òganisayon kou sendika.

Pou Sektè Transpò Terès Ayisyen (STTH) ak lòt sendika transpò tankou (APCH), (SCPVBA), (FENATRATH) kalifye de trayizon demand premye sitwayen primati a e envite popilasyon an kenbe flanbo mobilazasyon an nan yon nòt pou laprès dimanche 9 Oktòb 2022.

Òganizasyon Pèp k ap Lite yo (OPL) li menm dyametralman opoze ak desizyon an nan yon nòt protestasyon ki soti ayè dimanch 9 Oktòb 2022. Dirijan estrikti sa pousuiv pou di entèvansyon etranjè p ap vin fè anyen nan kriz ki genyen la. Sinon vin kontinye pile diyite peyi a menm jan sa te ye pandan 25 lane. OPL kwè meyè chwa a se yon antant nasyonal.

Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) sou bò pal voye jete byen lwen ak fòs rezolisyon an nan yon tuit. Sektè a non sèlman pa anfavè pou livre peyi a afòs étranje men; trete ekip an plas la de Conzé, epi tou profite drese yon bilan katastrofik pou diferan fòs ki pase yo: MINUA, MINUSTHAH, MINIJUS, BINU…

Asosiyasyon militè Dayiti kalifye de krim nan piwo nivo e ale menm pi lwen nan mande pou jije tout moun ki siyen pou fè vini fòs etranje sou sòl ayisyen an nan yon lèt ki pibliye e pote siyati sekretè jeneral majò Joseph Alexandre samdi 8 Oktòb 2022.

PIBLISITE PEYE

Gen Pati Lòd Demokratik tou ki eksprime pozisyonl pa vwa ansyen senatè lwès Jean Renèl Senatus ki kont entèvansyon militè anndan peyi a, men rekòmande pou ranfòse tout ensitisyon ki la pou bay sekirite a peyi a.

Si pou anpil òganizasyon anndan peyi a se pa meyè chwa, ebyen pou kominote entènasyonl se kontrè. Paske demand lan gentan byen rapid ap analize nan konsèy ONU e sekretè jeneral la Antonio Guteres gen tan menm bat bravo lakontan. Kounye a, èske rezilta tout moun ap tann nan ap fini pa vini ?

Réginal LOUIS, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841