Li pa yon sekrè pou okenn moun ki avize. Depi kèk tan ansyen anvwaye spesyal Mezon Blanch lan, Daniel Lewis Foote, se yon Ameriken ki pran tout tan l nan afiche yon ansanm konpòtman ki lye ak pozisyon klè li pran pou defann Ayiti anfas pwòp peyi li ki se Etazini. Anvwaye a Ayiti nan dat 22 jiyè 2021 pou travay men nan men ak anbasadè ameriken an an Ayiti, mouche Foote ta pral demisyone aprè 2 mwa, swa 22 septanm menm ane a, paske peyi li Etazini te depòte yon pil Ayisyen epi mezon blanch pa bay okenn atansyon ak sitiyasyon kritik e difisil Ayiti ap fè fas yo.

Yon kout listwa sou diplomat la a ap ede n mye sènen kiyès li ye ak misyon ofisyèl li an Ayiti.
M. Daniel L. Foote se yon diplomat Ameriken, manm ekip «Senior Foreign Service» ki se se yon òganizasyon trè enpòtan nan kò diplomatik Etazini an, ki atache ak tout anbasad e misyon peyi Etazini nan lòt peyi etranje yo. Tout ajan ki fè pati sèvis sa a, yo gen yon sèl misyon : Fè grandi chak jou plis enterè Etazini nan kad relasyon miltilateral yo (mòd òganizasyon ki genyen ant Leta peyi yo). Avan l te rive entegre depatman deta ameriken, Foote fè divès esperyans:

PIBLISITE PEYE

Diplomat la te etidye nan «Columbia University» nan Nouyòk. Li kòmanse karyè li nan lane 1992, ansyen machann gaz, antrenè foutbòl ak atletis epi li se yon pwofesè lang espanyòl. Se nan lane 1998 li ta pral entegre depatman deta: li travay nan biwo zafè ewopeyèn, erazi ak nan Wachintonn. Li travay pou Etazini nan peyi Angletè, Meksik, Irak, Iran, Lizenbou, Ajantin, Kolonbi, Repiblik Dominikèn, Afganistan… Li te anbasadè nan peyi Zanbi, men popilasyon an te deklare li «Persona non grata», sa te fòse li oblije kite peyi a. Se aprè vwayaj sila gouvènman Ameriken an te jije nesesè e voye li Ayiti kòm anvwaye espesyal ki dwe travay kòt a kòt ak anbasadè Ameriken an. Kisa ki ta kache dèyè tout pozisyon ajan blan meriken an (pou Ayiti fas Etazini) touswit aprè demisyon li ?

Diplomat Lewis evoke (2) prensipal rezon ki lakòz li demisyone: premye a se paske li ensilte anpil pou fason li wè pèp Ayisyen an ap soufri, viv nan kras, san espwa, pandan gouvènman ameriken an, atravè tout estrikti bout fè li yo an Ayiti, tankou Anbasadè, reprezantan BINUH, anvwaye espesyal, pa inosan, selon sa M. Foote toujou fè konnen. Dezyèm rezon an, se paske gouvènman blan meriken gen kè, pou li voye yon foul Ayisyen ilegal tounen Ayiti, aprè yo te kenbe epi imilye yo nan zòn Tekzas, anba pon Del Río a. Se konsa, diplomat la deside lage pye l sèlman 2 mwa aprè l te fin pran fonksyon, paske l te enstale nan dat 22 jiyè 2021. Li pral ekri Etazini yon lèt tou louvri, kote se sa l bliye l pa di gouvènman peyi l la, nan dat 22 septanm menm ane a.

PIBLISITE PEYE


Lèt sa a te fè anpil pale, tout jounal nan peyi Ayiti ak majorite Ayisyen, kit sa k ap viv lòtbò dlo, kit sa k ap viv an Ayiti, te touche pa ansanm fraz piman bouk mouche a te lanse, nan sousi pou jistifye poukisa l demisyone epi pou moutre enplikasyon volontye Lèzetazini nan sitiyasyon santi di pèp Ayisyen an ap sibi chak jou. Youn nan fraz kle li te ekri nan lèt demisyon an se : «Je ne serai pas à la décision inhumaine et contre-productive des États-Unis, d’expulser des milliers réfugiés et d’immigrés illégaux vers Haïti.

Sou kont twitè li, diplomat blan meriken an, mouche Daniel p ap fè 2 twit san li pa defann Ayiti an gran panpan, kritike ouvètman PM Ariel Henry, tag anbasad amerikèn, BINUH, Depatman deta, Sekretarya deta… Soti 22 septanm 2021 ki make demisyon Mesye a, pou rive jodi a nan mwa oktòb 2022, si Ayiti pa ko chanje, si mond lan pa okouran Etazini se youn nan pi gwo konplis nan sou devlopman Ayiti, si Ayisyen pa ko konprann pou Ayiti libere fòk pèp la pa janm bliye anbasad amerikèn nan kad diferan mouvman li yo, se pa fòt li. Pa egzanp, soti 1e pou rive 10 oktòb 2022, ansyen anvwaye espesyal blan meriken fè 40 twit, ladan yo sèl 1 ki pa pale de Ayiti ak PM defakto Ariel Henry, jan l toujou ekri l la.

PIBLISITE PEYE

Yon lòt konsiderasyon anpil moun fè ankò sou anbasadè a, se aprè l fin pibliye nan lang Anglè, ase souvan li tradui twit la nan lang Kreyòl la. Se pafwa li pibliye an Espanyòl ak Fransè lè gen nesesite a. Tankou pa egzanp, nan youn nan twit li fè jounen 10 oktòb 2022 a, li te eksprime li nan lang Espanyòl la, paske li t ap reponn yon twit Prezidan Dominiken an Luis Abinader te fè, kote l deklare li apiye fèmeman tout demach ONU ap fè pou degaje l desann e vin sove Ayiti k ap fini sou pye.

Anpil refleksyon, kesyon, deba, pa janm sispann fè viwonn aktyalite a nan peyi Ayiti sou konpòtman diplomat blan meriken an afiche depi aprè demisyon li nan fen mwa septanm 2021 an, e ki kontinye twoke kòn li ak pwòp peyi l jouk jounen jodi a nan mwa oktòb 2022. Ansanm konsiderasyon sa yo pouse anpil moun nan popilasyon an pa sispann mande: Konbyen fwa yon diplomat ameriken konn defann Ayiti tankou jan M. Foote ap fè l la ? Èske ansyen anvwaye espesyal Etazini an ta gen yon lòt misyon ofizyez, aprè misyon ofisyèl la ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...