Nan kad kontinite Mouvman Manifestasyon yo nan vil Gonayiv pou mande Premye Minis Defakto Ariel Henry demisyone nan tèt Primati a, divès manifestan piye epi mete dife nan Otèl endepandans 1 ak 2 nan vil Gonayiv maten madi 11 oktòb 2022 a.

Manifestan yo pote ale tout sa yo jwenn nan pasaj yo nan 2 otèl yo ak radio endepandans kite loje nan Otèl endepandans 1 an ki twouvel sou gran louvèti Gonayiv ki a kèlke mèt komisarya gonayiv la.

Kòmandan fwon rezistans latibonit lan, Wilfort Ferdinand alyas (Tiwil) ak Bien aimé Djery deklare; yo pap aksepte dezòd fèt nan vil la nan kad mouvman sila .2 pami lidè opozisyon sa yo nan site endepandans lan te rive rekipere plizyè materyèl nan men manifestan yo epi pote yo ale nan 2 otèl yo.

Pilwen Wilfort Ferdinand alyas (Tiwil )ak Bien- aimé Djery fè konnen,yo te deja avèti Minis Defans lan Doktè Enold Joseph ki se pwopriyetè 2 lokal sa yo pou li te remèt demisyon li nan gouvènman an, men piye ak boule biznis li pa ladanl, ki selon yo menm se pito plis otèl vil la bezwen pou bay jèn fanm ak jèn gason travay. Yo fini pou di mouvman an p ap kanpe nan wout, y ap manifeste nan lari a jiskaske Premye Minis Defakto Ariel Henry bay talon pyel sou pouvwa a

Nap soulinye, aprè piyaj la lapolis rive arete 12 Moun yo jwenn nan espas piyaj yo ak plizyè Materyèl nan men yo. Jiskaprezan vil la toujou rete barikad.

Israël CEDIEU, Gonayiv, Centre a la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841