Depatman Leta Ameriken anonse li pran gwo mezi piman bouk kont kèk fonksyonè Ayisyen ak tout fanmi yo, nan objektif pou l rive sove Ayiti de kriz l ap konnen an

Nan yon deklarasyon mouche Anthony Blinken ki se aktyèl sekretè Leta blan meriken an fè mèkredi 12 oktòb 2022 a, nan kad gwo mache presye ak miltitid prewokipasyon Lèzetazini montre tout lemond li genyen sou do l, nan nivo sitiyasyon degradan Ayiti ap fè fas yo, sekretè a anonse yon kokennchenn mezi peyi Tonton Sam pran pou l rive fè fas ak sitiyasyon imanitè ak sekiritè yo an Ayiti.

Nan deklarasyon sa a ki genyen pou tèm «Mesures pour faire face à la situation humanitaire et sécuritaire en Haïti», 71èm sekretè Leta repiblik etwale a fè konnen nan jou k ap vini yo la a, genyen yon deplwaman twoup ki gen pou pran destinasyon Ayiti, nan sousi pou bay yon asistans ak polis nasyonal peyi a, ki selon yo, fayi totalman ak 2 misyon li fè objè yo ki se : Pwoteje ak Sèvi. » N ap degaje n kou mèt Janjak pou n fòme epi deplwaye nan jou k ap vini yo la a yon asistans nan domèn sekirite pou n ranfòse kapasite Polis Nasyonal Ayiti a, pou ka kanpe goumen ak gang yo epi pou n etabli yon anviwònman sekirite estab, nan respè pou Eta de dwa.

PIBLISITE PEYE

Nan deklarasyon an, Lèzetazini anonse tou yo pran kèk restriksyon sevè pou pa bay viza ak kèk fonksyonè Ayisyen ak kèk lòt endividi yo di ki enplike jis nan kou nan tete lang ak gang an Ayiti yo epi pou yo ka mye jere kesyon kolera a nan peyi a.

«N ap anonse tou nou gen nouvèl politik nou pran pou n mete yon restriktirasyon sou viza, se seksyon 212 (a) (3) (C) lalwa sou imigrasyon an ak nasyonalite ki ale kont kèk fonksyonè Ayisyen ak lòt endividi ki enplike nan fonksyònman gang yo ak lòt òganizasyon kriminèl an Ayiti, ki ap mennase mwayen pou pèp Ayisyen an viv epi ki bloke èd imanitè pou pèmèt moun yo fè vi yo.» Pi lwen, sekretè a di mezi oubyen aksyon sa yo kapab aplike tou pou tout moun ki nan fanmi pwòch fonksyonè sa yo.

Peyi Etazini, atravè depatman Leta ameriken an, deja idantifye yon premye gwoup moun ak kèk manm nan fanmi moun sa yo ki gen anpil posiblite gen restriktirasyon sou viza yo parapò ak politik tou nèf sa a yo itilize pou frape pwotektè gang yo an Ayiti.

Mouche Blenkin fè konnen lè blan meriken di li enpoze restriksyon sa yo sou kesyon viza a, entansyon yo se pou demontre aklè (san linèt) genyen gwo konsekans ki plane sou tèt tout moun k ap pwone vyolans ak twoub yo nan peyi a.

PIBLISITE PEYE

N ap note, nan kad lagè ki eklate ant peyi Larisi ak Ikrèn depi mwa fevriye 2022 a, se sèlman plizyè milya dola ameriken ak ekipman pou fè lagè gouvènman ameriken toujou anonse li voye pou peyi alye li a ki se Ikrèn, malgre Kiev ap sibi anpil gwo frap lou anba men Moskou.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...