Ansyen polisye, ansyen prizonye politik epi manm enflyan Syndicat Police Nationale d’Haïti ( SPNH) 17 la, M. Abelson Gros Nègre pa nan kache vizaj dèyè miray pou voye kout wòch. Nan yon entèvyou televize li akòde ak laprès, M. Abelson deklare klèman li totalman dakò pou solda onizyen yo rantre vin ede PNH la nan gwo batay l ap mennen pou retabli lapè kont zak banditis k ap layite kò l nan peyi a depi digdantan.

Si vyòl jenn ti fi ap sibi devan je paran, si efraksyon, si zak asasinay, si kidnapping, si masak kang ame ap plede fèt nan katye popilè pa vle di anyen pou lidè politik yo, gwo potanta an Ayiti yo, men li diferan pou ansyen polisye Abelson Gros Nègre ki santi li endinye pou zak kriminalite konpatriyòt ayisyen yo ap sibi anba men malfra nan peyi a prensipalman nan Pòtoprens. Mesye Abelson fè konnen se yon gwo nesesite pou yon fòs etranje vini nan peyi a nan objektif pou frennen machin ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon sivil la e menm nan je PNH la ki gen misyon li menm pou pwoteje lavi. Abelson di, alèkile, nan degre ensekirite a rive la li depase kapasite enstitisyon polisyè a. Daprè li, polisye yo gen bon volonte pou fè travay yo men politisyen malonnèt ak gwo zotokbre nan sektè prive a k ap pwoteje kang yo nan ba yo zam ak katouch, koz polis la souvan fè echèk nan operasyon l al mennen pou mete bandi nan eta pou pa janm nwi moun ankò.

Fas ak tout move nouvèl ki vle fè kwè se yon fòs lame etranje y ap menm vin okipe peyi a, ansyen polisye a esplike nan tèm klè epi pote pil presizyon si sòlda ONU yo ta rive nan peyi a li p ap reprezante yon danje pou nasyon an. Okontrè, yo pral kolabore ak lapolis nan mennen gwo operasyon pou derasi tout baz bandi oligak ak politisyen plante nan kat kwen peyi a. Mesye Abelson rakonte nan moman li te polisye a li te konn travay ak MINUSTHA. Sòlda onizyen yo pa t janm enpoze yo sa pou yo fè. Se ajan polis ayisyen yo ki toujou pran anchaj tout entèvansyon yo, sòlda onizyen yo menm la pou ba yo bakòp. Konsa polisye yo pa t janm santi yo imilye e yo te konsanti yo pou met tèt ansanm nan mete pye sou kou bandi. Toutfwa, sendikalis la voye jete byen lwen tout agiman ki ta fè kwè aksepte yon fòs etranje vin ede PNH la se ta yon mank nasyonalis. Li raple tout moun ki panse konsa yo ke Ayiti se yon manm ONU li ye, e misyon òganizasyon sa se retabli lapè lakay tout peyi manm li yo nan lemonn. Aprè yo fin retabli lapè a y ap tounen lakay yo san bri san kont.

Abelson Gros Nègre pa kwè nan kesyon ranfòseman lapolis la lidè politik yo ap klewonnen toutan nan zòrèy moun kòm remèd pou detui bandi. Li di se chak ane yon nouvèl pwomosyon polis soti e pwoblèm ensekirite a pa janm chanje. Yon lòt kote li kritike gwo potanta nan sektè prive a ki pa janm bay lapolis menm yon goud lesko pou achte materyèl konsa yo ta bay pi bon rezilta nan operasyon polis la ap mennen yo, poutan y ap jere gang pou zafè pèsonèl yo. M. Abelson kritike lidè politik yo ki pa janm pran pozisyon pou di an n atake gang yo ki pran santral vare an otaj epi ap vann gaz nan mache nwa pou fè pil lajan yo epi ki pa janm mande pou ti moun ale lekòl. Li siyale tou pa janm genyen yon onorab senatè, depite oubyen yon gwo zouzoun ki kidnape. Se toujou nou menm ki nan mas pòv la.

Pou l fini, Abelson di li pa chanje: li toujou rete yon bon patriyòt, yon nasyonalis, yo mèt toujou fè l konfyans malgre pozisyon l pran jounen jodi a. Li fè konprann se nan favè pèp la ki nan dezawa a li ye. Si pa t gen gwo pwoblèm ensekirite sa a k ap pote frè nou yo ale nan peyi san chapo a, li t ap kanpe ankwa pou pyès fòs letranje pa pile ankò bout tè nou an. Si l mande sa se pou tout dyaspora ka antre nan peyi san pwoblèm epi pou tout ayisyen ka sikile libelibè, san lapèrèz.

Kénel DÉRAC, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841