Finalman, Lèzetazini dakò pou sipòte yon fòs etranjè an Ayiti k ap konpoze de plizyè peyi, nan sousi pou vin jere kriz imanitè peyi a ap fè fas, demantle gang yo pou debloke tèminal vare epi jere maladi kolera a k ap vale teren. Fòs sa pa ta dwe sou sipèvizyon ONU. Se @miamiherald ki konfime nouvèl la vandredi 14 oktòb 2022 a.

Jounal ameriken an fè konnen li deja genyen nan menl bouyon rezolisyon Etazini prepare pou li ale sipòte 21 oktòb k ap vini la devan konsèy sekirite ONU an pou apiye deplwaman yon fòs lame entèvansyon rapid nan peyi Ayiti.

Fòs lame sila pa ta dwe sou sipèvizyon ONU selon sa ki ekri nan bouyon rezolisyon an. E yo dwe vini pou bay kout men nan koze sekirite ak imanitè Ayiti. Y ap la pou ede debloke vare pou gaz la pase, fè pasaj pou èd imanitè a epi tou ede jere kolera a.

Genyen kèk peyi ki deja mete yo dakò pou sipòte Etazini ki vle fòs rantre Ayiti. Nou ka site: Kanada, Meksik, Frans.

Plizyè materyèl tankou machin blennde PNH la te kòmande, ta dwe rive ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture jodi samdi 15 oktòb la 2h PM. Ekipman sa yo kap soti Kanada ak Etazini, rantre nan kad asistans esansyèl peyi sa yo ap bay Ayiti nan kesyon sekirite.

Larisi se youn nan peyi menm jan ak Etazini ki genyen dwa veto nan ONU. Èske peyi tankou Larisi, Lachin pa pral opoze ak demach sila USA vle soutni an?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....