Komisè Jude Jean Pierre fè chwa kite Komisyon Nasyonal Dezameman ak Re-ensèsyon, (CNDDR) vandredi 14 oktòb 2022 a, tou swit aprè deklarasyon kòlèg li Jean Rebel Dorcenat ki te di gang yo enpoze kèk kondisyon pou yo debloke tèminal vare.

Jude fè konnen li etone anpil de deklarasyon sila, Komisè Dorcena fè nan laprès. Li fè konnen pyès sa Dorcena rapòte yo pa t diskite nan reyinyon komisyon an.

Mesye Pierre kontinye pou li fè konnen li pa wè li genyen plas li ankò nan komisyon an pou fason Dorcena ap aji yo. Pou rezon sila li oblije kite CNDDR la.

Amnisti: Anilasyon divès manda yo, entegrasyon gouvènman an, se 2 egzijans gwoup gang G9 e alye fè pou yo debloke Tèminal Vare epi depoze zam, daprè sa komisè Jean Rebel Dorcénat manb komisyon nasyonal dezameman demantèlman ak re-ensèsyon (CNDDR) revele nan emisyon Boustè, radyo Mega jou kite jedi 13 oktòb 2022.

Gang yo pa sispann teworize popilasyon Ayisyèn nan, ki pa ka vakye ak okipasyon l, akoz yo limite nan deplasman yo. Nasyon Zini bò kote pa l denonse vyolans seksyèl gang yo ap fè sou fanm ak tifi nan peyi Dayiti. Yo fè konnen gang yo rantre kay fanmi yo, epi vyole ti moun yo devan pwòp je paran yo. Pou Nasyon Zini se yon sitiyasyon tèrib e deplorab.

Koupe viza, sezi lajan nan bank ak lòt gwo sanksyon kont tout gang ak lòt moun k ap sipòte gang Ayiti, se sou sa konsèy sekirite Nasyonzini an ap travay pou mwa oktòb sila.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar