Yon avyon militè peyi kanada ki imatrikile «C-17A globemaster III, ki genyen seri F-180 rive nan ayewopò Toussaint Louverture Ayiti 15 oktòb 2022 a. Avyon sa pote materyèl ak ekipman gouvèman Ariel Henry a te voye achte pou polis nasyonal la.

Avyon militè Kanada a, debake 4 machin plende sou 18 yo ta dwe livre selon kòmand Leta Ayisyen te fè la kay yo. Li te nan aviwon 1h yo lè avyon an te rive sou pis Ayewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens kapital peyi a.

Materyèl sa yo ki koute Leta Ayisyen 12 milyon dola Ameriken te pran nan gwo blokis san konnen rezon ki fè yo pat janm ko vle livre Ayiti yo pandan gang ap teworize popilasyon an.

Pandan tan sa, pou yon 2 zyèm fwa bandi atake tèminal vare Ayiti. Yèswa kite vandredi 14 oktob 2022 a. Bandi yo metrize ajan sekirite tèminal vare a, epi ranpli 4 kamyon sitèn gaz ki evalye a 28 000 galon, volè yo ale ak 4 kamyon gaz. Se sa responsab vare yo fè konnen samdi 15 oktòb 2022 a sou kont «tweeter» yo.

Yon jou tankou jodi a 15 oktòb 1994, Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide retounen nan peyi Dayiti ak apwi militè Etazini. 15 oktòb 2022 a, yon lòt fwa ankò avyon militè Kanada debake.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...