Lidè Pitit Desalin nan, Moïse Jean-Charles, anonse gwo manifestasyon douvan Anbasad Amerikèn an Ayiti

Lendi 17 oktòb 2022 a make egzakteman 216 lane depi premye anperè peyi Ayiti a (Jacques 1e) ki se Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon Ayisyèn nan te asasine nan zòn Pon Wouj, depatman Lwès peyi Ayiti. Moïse Jean-Charles k ap kowòdone pati politik Pitit Desalin nan, anonse gwo manifestasyon douvan anbasad Amerikèn kont tout entèvansyon militè entènasyonal epi pou mande demisyon PM Ariel Henry.

Sa fè kèk jou de dat 17 oktòb 2022 a ap anonse anpil sispens an Ayiti. Yon bò se suit avèk èd militè PM Ariel ak tout gouvènman an mande peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo fas ak Moïse Jean-Charles, yon lòt bò, ki mande pou tout patizan, senpatizan ak lòt sitwayen rann yo anfas anbasad Amerikèn pou fè konnen Ayiti p ap resevwa okenn fòs militè etranje, paske moun sa yo se enterè kapitalis yo ak kolon yo y ap vin pwoteje. Y ap manifeste tou pou mande depa PM Ariel ki li menm sanble tèlman konfòtab nan jesyon peyi a, te menm rive deklare: tout bagay sou kontwòl an Ayiti.

Tout je kontinye brake sou Pòtoprens pou 17 oktòb sa a, depi aprè ansyen senatè depatman Nò a te anonse nan plizyè estasyon radyo manifestasyon 17 oktòb yo pral tabli nan Taba, anfas Anbasad Amerikèn, paske lè pèp la manifeste nan lòt gran vil yo sèlman pou di non yo pa vle yon lòt okipasyon, aba ensekirite ak grangou, se tankou enstans konsène yo pa tande vwa yo, konsa, li anonse randevou a kase nan depatman Lwès ak anpil lòt depatman nan peyi a pou kontinye fè tande vwa yo.

Se ap yon gwo foul moun k ap pran lari a pou manifeste kont Ariel ak tout peyi enperyalis yo se sa Moy predi.
Se ap yon repons klè, yon repons pou sektè ekonomik la ak tout gouvènman an ki fè tankou yo soud. Se sa li deklare.

Selon sa Moïse Jean-Charles fè konnen, yon branch manifestasyon an ta dwe kòmanse sou Channmas, egzakteman sou plas konstitisyon an, l ap pase sou Lalue ak oto wout Delmas a (aryopò), avan menm li rive Delmas 33 ak Gérald Bataille. Yon lòt branch ta dwe soti Site Solèy ak yon lòt k ap soti zòn plas Hugo Chavez pou jwenn lòt gwoup kafou Gerald Bataille. Se la, lè tout branch yo fi rankontre, n ap dirije nou zòn kafou Rita, pou n plonje devan anbasad Amerikèn. Li fè konnen tou manifestasyon yo p ap sèlman fèt nan depatman Lwès peyi a, ap gen mouvman nan plizyè lòt vil.

Ansyen kandida malere plizyè fwa pou prezidan an renouvle :Aprè 17 oktòb 2022 sa a, si Ariel pa ta ale, si bank yo pa tande larezon, nou pral manifeste devan kay tout minis yo.

Nan menm okazyon an, lidè a anonse yon (1) mwa manifestasyon k ap soti 17 oktòb la pou rive 18 novanm 2022 a, si revandikasyon pèp la pa pase.

Selon sa listwa peyi a rakonte, 17 oktòb nan chak ane ta dwe yon moman refleksyon sou lavi ak asasina lanperè Jacques 1e, ki te bay tout li menm ak lòt ewo yo pou rann Ayiti lib epi endepandan anba grif Lafrans, men malerezman, aprè 216 lane, se gwo manifestasyon ki anonse kont movèz gouvènans ak entèvansyon militè peyi etranje.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...