Konsèy sekirite ONU an ki te reyini ayè lendi 17 oktòb 2022 a sou dosye Ayiti a fini san okenn vote, pou di klèman kisa ONU deside pou Ayiti ki nan yon kriz tèt chaje. Deba yo te genyen anpil chalè, men chak peyi te montre yo trè pridan nan kad dosye a, sitou pozisyon yo ki te trè divèjan sou koze voye yon fòs entèvansyon rapid pou ede Ayiti a.

Yon group peyi manb konsèy sekirite a montre yo favorab pou 2 pwopozisyon yo tankou: USA, Meksik, Kanada. Yon lòt kote nou jwenn peyi Larisi, Lachin ak Brezil ki montre yo trè pridan nan dosye sila.

Gwoup peyi ki favorab yo agimante sou deskripsyon Madame Lalime ki se reprezantan ONU Ayiti fè pou montre kòman sitiyasyon an grav an Ayiti. Kote gang ap vyole fanm ak tifi devan je fanmi yo, gaz la gang yo bloke, klas politik la ki pa ka rive antann yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la…yo montre li ijan pou peyi zanmi yo fè yon jan pou ede pèp Ayisyen an k ap soufri. Peyi ki montre yo pridan yo montre enkyètid yo genyen sou enpak negatif sanksyon ONU yo ka genyen sitou nan fè enjerans nan zafè lòt peyi.

Projè rezolisyon an te distribiye a chak peyi manb konsèy la pou analize. Selon pwosedi yo, si pa genyen pyès peyi ki opoze nan yon delè rezonab, pwopozisyon an pral tou apwouve.

Antonio Guterres ki se sekretè jeneral konsèy la mande kominote entènasyonal la pou entèvni ak tout fòs yo paske Ayiti genyen yon ijans imanitè.

Peyi Etazini bò kote pa l fè konnen li pa t genyen lide dirije fòs ki ta dwe entèvni Ayiti a. Se menm pozisyon an tou pou Kanada. Genyen yon gwoup peyi ki mande Etazini pou li founi yo bon jan detay sou wòl ak misyon fòs yo pwopoze ki pou vini entèvni an Ayiti a, avan menm yo vote rezolisyon an. Administrasyon Joe Biden nan te montre li toujou poko fin klè pou Etazini voye twoup Ayiti, malgre Thomas Greenfied montre USA prè pou pote tout sipò li ak lòt patenè ki entèrese yo. Objektif yo se evite misyon an parèt tankou yon envazyon etranje an Ayiti.

Reprezantan peyi Lachin nan Nasyonzini fè konnen se plis pase yon wont pou pil pati politik sa yo pa ka mete ansanm pou bay yon fèy de wout pou ede Ayiti soti nan mizè. Yo pran de grenn je yo y ap gade pèp Ayisyen an k ap peri.

Minis zafè etranje peyi Ayiti a Jean Victor Généus ki t ap patisipe nan reyinyon an deklare sitiyasyon an dejenere nan peyi a. Li fè deklarasyon sila 21 jou aprè li te di devan konsèy sekirite ONU an gouvènman Ariel Henry gen kontwòl sitiyasyon an Ayiti.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....