Jan sa te anonse a, plizyè milye moun te foule beton an pou manifeste nan vil Okap, Jakmèl, Okay, Mibalè ayè lendi 17 oktòb 2022 a nan peyi Ayiti. Revandikasyon popilasyon an pa t chanje : Depa PM Ariel, aba entèvansyon militè, aba ensekirite, lavi chè, grangou, mizè, elatriye. Nan Pòtoprens, manifestan yo te pran direksyon douvan anbasad amerikèn pou voye kèk mesaj klè bay Tonton Sam, men malerezman gaz lakrimojèn fè mikalaw, kote menm ansyen senatè depatman Nò peyi a, Moïse Jean-Charles, pa t epanye de sitiyasyon malouk sa a.
Alòske 17 oktòb nan chak ane se youn nan pi bèl dat nan tout listwa Ayiti, depi aprè asasina krapile premye anperè nasyon an, Jan Jak Desalin (Jak 1e), nan lane 1806, swa 2 zan aprè aksesyon l nan tèt peyi a kòm premye chèf Leta pèp Ayisyen an. Yon dat pou anpil moun ki ta dwe yon espas espesyal pou fè bèl refleksyon, deba e pale otou de lavi ak tout kalte angajman papa nasyon Ayisyèn nan, Jan Jak Desalin, te fè objè swa kòm esklav, militè, revolisyonè oubyen kòm chèf Leta.
Nan yon kontèks si difisil, kote lekòl la pa ka louvri, kondisyon sosyo-ekonimik la tonbe sou lagraba, gang fin pran peyi a, ensekirite ak kidnaping ap taye banda, galon gazolin ap vann 6000 goud nan kèk depatman andedan… Se nan menm peryòd sila gouvènman Ariel Henry ap dirije a ak tout minis yo tonbe dakò pou pran desizyon mande asistans yon fòs militè miltinasyonal (k ap soti nan divès peyi) pou vin foule sòl anperè a te batay kont lamè fransèz la, paske yon gwoup gang bloke tèminal Vareb epi gen maladi kolera a ki parèt tèt li ankò aprè plizyè lane.
Nan vil Okap, Okay, Mibalè, Jeremi ak Pòtoprens, yon foul moun te foule beton an ayè lendi 17 oktòb la pou mande PM Ariel kite pouvwa a paske li se yon enkonpetan, li pa ka dirije anyen, li pa gen kalite ni lejitimite pou li menm nan tèt peyi a, poutan l ap pran gwo desizyon pou angaje nasyon an, lè li deside mande, pou yon lòt fwa, fòs etranje pile tè papa Desalin nan. Yon ansanm misyon pou anpil moun ki pa janm pote fwi pou Ayiti, okontrè menm se detwi yo toujou detwi peyi a. Foul moun sa yo te manifeste tou nan objektif pou fè entènasyonal la konnen Ayiti pa prè pou resevwa okenn entèvansyon etranjè, ni lokipasyon. Si yo se zanmi Ayiti vre, se pou voye ekipman nesesè pou polis nasyonal la epi voye kèk twoup pou vin fòme yon inite espesyalize andedan lapolis la, konsa y a va fè fas ak gang yo ak tout lòt defi k ap tann yo.
Aprè plizyè pakou yo te fè nan Pòtoprens, manifestasyon an ta pral dispèse, parapò ak fòs lòd yo ki te entèveni e bonbade moun yo ak gaz lakrimojèn. Yon konpòtman anpil manm nan sosyete kritike e menm kondane nan dènye rigè. Pou kèk obsèvatè, polisye sa yo k ap touche lajan menm kontribyab yo k ap manifeste pou defann dwa yo, pa ta dwe tounen fwèt pou kale yo ankò. Nan menm moman sila a, polisye yo te tèlman san rezèv nan simen gaz tou patou, sa lakòz ansyen senatè depatman Nò peyi a, Moïse Jean-Charles, te bwè anpil gaz.
Nan kad anpil refleksyon k ap fèt toupatou sou sitiyasyon degradan peyi a kontinye fè fas, anpil sitwayen pa sispann estatye sou avni pèp Ayisyen an, lè jodi a ankò an 2022, aprè 218 lane, aktè yo pa ko janm deside mete tèt yo ansanm, pou jwenn yon konsansis antre yo, kote yo dwe mete sans egosantrik yo 2 kote, pou anbrase enterè kolektif la e sòti AYITI nan kavèn li twouve l depi kèk bon tan an. Yon lòt gwoup ki plis radikal fas ak kò gwoup la, pa janm sispann mande èske se pa men kache kominote entènasyonal la ki toujou anpeche aktè politik Ayisyen yo jwenn yon akò ant tout fòs viv nasyon an ?